Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/20/05


Tour de France

Siklis Italyen Paolo Savoldelli ranpòte 17 tièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri yon distans 239 kilomèt edmi. Ameriken Lance Armstrong toujou nan tèt klasman jeneral la ak 2 minit 48 sekond devan Italyen Ivan Basso ak Danwa Michael Rasmussen ak alman Jan Ullirich.

Football

Footbalè brezilyen Ronaldo kap jwe nan Real Madrid anonse posibilite pou l pran retrèt apre koup du mond almay 2006 la apre li finn patisipe nan 4 koup du mond. Ronaldo di li espere Brezil ap ranpòte koup du mond la pou l kapab kourone karyè l ak 2 koup du mond apre 1994 e 2002. Nap raple Ronaldo pat janm gen chans monte teren an pandan koup du mond USA 94 la.

Brezil ak Arjantiin figure nan tèt klasman mondyal la nan dènye klasman FIFA publiye. Oland, Republik Tchèk , Meksik, Etazuni, Frans, Angletè, Espay Portugal konplete lis 10 premye yo.Ayiti klase 87 tièm mondyal. Republik dominiken klase 172 zièm mondyal. Nan Konkakaf la klasman an diferan Meksik an premyè pozisyon. Etazuni klase 2 zièm answit nou jwen Kosta Rika, Honduras, Jamayik, Trinidad and Tobago, Gwatemala, Kuba, Panama, Kanada, Haiti, Salvador, Sent Lusi, Barbades, Sen Kitts and Navis, Sen Vensan e Grenadines, Grenad, Surinam, Antigua and Barbuda, Bermudes, Nikaragwa etc.

Bandi ame kidnape antrenè klub Meksiken Cruz Azul Arjanten Ruben Omar Romano apre yon sesyon antrenman, dapre yon anons responsab klub la fè.

Natasyon

Alexandre Despartie ranpòte yon lòt meday dò pou Kanada kap òganize chanpyona du mond natasyon . Kanada pataje tablo meday la ak la Chin pou 2 meday dò yo chak. Etazuni gen 3 meday darjan ak yon bronz

Tennis

Federasyon Tenis entènasyonal fè konnen li pral fè jwè tenis Ostralyen Lleyton Hewitt ak arjanten Guillermo Coria peye yon amand pou pawòl l̀ piman bouk ak krache sou abit la. Hewitt, ki gen pou marye demen Jedi a ak aktris Bec Cartwright prezante eskuz pou move pawòl li te lanse kont ofisyèl la. Arjanten Guillermo Coria ap peye yon amand pou tèt li te krache nan figi abit la. Federasyon an ap fikse amand la nan okazyon rankont li gen pou l fè nan pwochen reyunyon an. Ensidan an rive pandan kar de final koup Davis la ki tap dewoule nan vil Moskou ant 2 peyi yo. La Rusi te finn pa kale Ostrali pou l kalifye pou semi final la.

Chanpyon an tit Roland Garos la espayòl Rafael Nadal ak rus Nikolay Davydenko kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Koup Mercedes la kap dewoule nan vil Stuggart an Almay. Veteran tenis ameriken Jan Michael Gambill elimine konpatriòt li Donal Young 7-6, 6-2 nan tounwa tenis Indianapolis la. Gambill pral rankontre ak Taylor Dent. Ekwatoryen Giovanni Lapenti elimne ameriken Mashiska Washington 7-6, 6-3.

Swis Patty Schnyder elimjne Danwa Carolina Wozniacki 6-3, 6-1 pou l al rankontre ak Japonè Aiko Kakamura nan tounwa tenis Cincinnati a. Slovak Daniela Hantuchova pat rankontre oken difikilte pou l elimine ameriken Lilia Osterloh 6-1, 6-2. Hantuchova ap rankontre ak ameriken Chanda Rubin.

Italyen Silvia Farina abandone tounwa tenis Parlerme nan akoz yon blesu nan zèpòl.

Nan tounwa Mercedez la kap dewoule nan Stuttgart an Almay franse Gilles Simon elimine Italyen Filippo Volandri 6-3, 2-6, 6-4 pandan ke arjanten Mariano Zabaleta suprann bonanj Bèlj Oliver Rochus ak yon viktwa 4-6, 6-2, 6-3.

XS
SM
MD
LG