Accessibility links

Breaking News

Dekouvri RadioMCR.Net [2èm Pati]


Respè! Wi, nou imajine ou di Onè! epi ou pare pou w fè yon lòt ti vizit nan Paj Relijyon Vwadlamerik la.

Nan segman jodi a, ki se dezyèm nan seri nou konsakre pou ministè evanjelik Maranatha Christ Revient an (ki nan Chicago, Illinois), nou fè yon rale ak Frè Huberto Almonord sou wòl radiomcr.net kòm yon pon ant divès kominote atravè planèt la. Nou pale tou de pwogramasyon estasyon sa a ki sou rezo mondyal Entènèt la.

Radiomcr.net se yon sèvis radyo ak tandans advantis [k'ap preche dezyèm vini Kris la anvan lontan dapre yon entèpretasyon literal (an jeneral) tèks Labib].

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka swa tande edisyon 14 jiyè Paj Relijyon an, oswa kopye li sou òdinatè w. Apre sa, nou envite w tcheke lòt segman nou deja fè sou ministè Maranatha Christ Revient. Anfen,

XS
SM
MD
LG