Tour de France
Alexander Vinokourov ranpòte 11 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la men ameriken Lance Armstrong toujou nan tèt klasman jeneral la ak 38 sekond devan Danwa Michael Rasmussen malgre li fini an 6 zièm pozisyon. Tour de France / Doping La polis arete siklis Italyen Dario Frigo apre yo jwen pwodui dopan EPO nan machinn madanm li. Mesye da m yo gen pou reponn kesyon la justis apre midi a.
La polis arete siklis Italyen Dario Frigo apre yo jwen pwodui dopan EPO nan machinn madanm li. Mesye da m yo gen pou reponn kesyon la justis apre midi a.
Football
Atakan seleksyon nasyonal Kore du Sud la Ahn Jung-hwan di li pa kapab tann pou l kòmanse woule balon nan klub football franse Metz apre li finn siyen yon kontra yon lane ak klub la. Koreyen an di li ta renmen jwe an Espay ou byen an Angletè apre kontra a ekspire.
Nan koup dò Konkakaf la Kolonbi kale Trinidad and Tobago 2 a 0. Honduras profite de yon erè nan defans Panama a pou l ranpòte yon viktwa 1 a 0 epi Etazuni fè match nul 0 a 0 ak Kosta Rika. Kanada kale Kuba 2 a 1. Jodi a Gwatemala ap rankontre ak Afrik du Sud epi Meksik kont Jamayik. Kanada pap pase nan kar de final la akoz gòl diferans. Panama ak Honduras kalifye. Meksik nan pwoblèm malgre li gen 3 pwen. Kar de final la ap dewoule nan Foksboro, Houston Samdi ak Dimanch pandan ke semi final la ak final la ap jwe nan Giant Stadium nan New Jersey Jedi pwochen ak Dimanch.
Volleyball
Seleksyon feminen Kuba a pran revanch defèt li te subi devan la Chin pandan je zolenpik Atèn 2004 yo. Kuben yo kale la Chin 4 manch a 1 nan premye tou chanpyona du mond Grand Pri feminen an kap dewoule nan Sendai o Japon. Chanpyon sòtan an Brezil te bezwen 3 manch pou l kale la Oland. Itali woule Japon 3 set a 0.
NBA
Klub basketball ameriken Milwaukee Bucks dakò pou l siyen yon kontra 6 zan ak Dan Gadzuric pou 36 milyon dola. Responsab yo dwe tann 22 Juyè lè pòt la louvri pou siyen kontra ak jwè ki pa gen kontra ou byen kontra yo ekspire. Ostralyen Andrew Bogut ki te seleksyon numewo 1 ane sa a siyen yon kontra ak Milwaukee Bucks pou 26 milyon dola-men nouvèl yo pa di pou konbyen tan.
Tennis
Tout tèt de seri tounwa tenis Modena International la an Itali kalifye eksepte Italyen Antonella Serra Zanetti ki tonbe devan Rus Ekaterina Bychkova 6-4, 6-1. Italyen Francesca Schiavone ak Flavia Pennetta travèse pwochen tou a san difikilte.