Accessibility links

Breaking News

Asistans Sou Entènèt pou Depresyon


Yon nouvo sit Web te parèt sou Entènèt la lendi 14 mas pase a avèk yon objektif: kraze mit ak lawont ki antoure pwoblèm depresyon e pèmèt piblik la pi byen konprann maladi mantal sa a.

Malgre efò pwofesyonèl lamedsin yo fè, gen anpil ki kontinye kwè ke depresyon se yon siy feblès, yon defo nan karaktè yon moun.

Yon aktris amerikèn ki ranpòte gwo distenksyon deja (nou vle pale de Lorraine Bracco) pèmèt piblik la genyen aladispozisyon n kounye a, antouka nou-menm ki gen aksè sou Entènèt, sit depressionhelp.com. Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka dekouvri sit Web sila a.

XS
SM
MD
LG