Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Òganizasyon nan Site Solèy Anonse Antèman Emmanuel (Dread) Wilme pou Samdi 9 Jiyè a


Òganizasyon “Youth in Mission”, ou “Jeunesse en Mission” k’ap travay nan zòn Site Solèy la ann Ayiti, anonse antèman chèf gang Emmanuel Wilme, ki gen ti non “Dread Wilme” pou samdi 9 jiyè 2005 la.

Nouvèl sou lanmò Dread Wilme te parèt mèkredi 6 jiyè a, aprè troup MINUSTAH yo te lanse yon operasyon sekirite nan Site Solèy, ki se baz patizan prezidan ayisyen ann ekzil Jean-Bertrand Aristide yo. Sepandan, ni la polis ayisyèn, ni troup LONU yo pa konfime lanmò chèf gang Dread Wilme.

Plizyè mounn rekonèt Dread Wilme kòm younn nan chèf gang k’ap simen latèrè ann Ayiti. Bri lanmò Dread Wilme te kouri nan peyi a nan le pase, sepandan, sa p’at pran tan pou nouvèl yo te prouve le kontrè. Fwa sa a, donk aprè operasyon troup LONU yo nan Site Solèy semèn sa a, plizyè patizan chèf gang nan te eksprime tristès yo devan lanmò li.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou nouvèl Ayiti pou vandredi 8 jiyè 2005 la.

XS
SM
MD
LG