Accessibility links

Breaking News

Dekouvri RadioMCR.Net [1è pati]


Yon ministè evanjelik tanmen depi kèk tan deja nan vil Chicago, nan eta Illinois, sou lobedyans yon natif-natal ayisyen ki pote non Huberto Almonor. RadioMCR.Net ofri yon pwogramasyon varye e moun ka kapte li sou twal la 24 sou 24.

Sepandan, nan yon kozman ak Paj Relijyon Vwadlamerik la, Msye Almonor di gen plizyè lòt aspè nan efò li mete sou pye nan Chicago a, apa de radyo sou Web la.

Nan 3 segman nap antre an detay nan aktivite li yo. Premye a se yon kat vizit nou ta di, yon senp prezantasyon sou RadioMCR.net. Nan 2 lòt yo nou abòde lòt kesyon ke ou kapab tande si ou tcheke vèsyon sonò repòtaj sa a.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks la, swa pou w koute edisyon Paj Relijyon an, swa pou w kopye l' sou òdinatè w. Epi .

XS
SM
MD
LG