Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: 5 Moun Mouri nan yon Operasyon MINUSTAH nan Site Solèy


Sòlda MINUSTAH yo mennen operasyon sa a byen bonè Mèkredi, yon semèn aprè solda mentyen la pè òganizasyon entènasyonal la te touye 6 bandi nan yon lòt bidonvil.

Responsab Nasyonzini yo ann Ayiti fè konnen 5 moun mouri pou pipiti nan operasyon sere boulon anviwon 350 solda Nasyonzuni mennen nan Site Solèy ki se baz patizan prezidan ekzile ayisyen Jean Bertrand Aristide.

Operasyon sere boulon an, ki gen pou objektif redwi vyolans kap ogmante nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens, koenside ak vizit Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, Jose Miguel Insulza.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior di nou jiska jedi maten, troup nasyon zini yo poko konfime si yon chèf gang ta trouve l pami viktim operasyon sila a. Rotchild gen detay tou sou siklòn Dennis.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay.

XS
SM
MD
LG