Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/29/05


NBA

Milwaukee Bucks seleksyone basketè Ostalyen Andrew Bogut kòm numewo 1 tiraj osò NBA a ki dewoule yè swa nan Madison Square Garden nan New York.. Boguts mezure 2 mèt 14 e li pase 2 zan ap jwe nan Univèsite Utah. Msye tounen 7 tièm jwè entènasyonal ki seleksyone kòm numewo 1. Lòt jwè entènasyonl ki seleksyone nan premye tou a se Espayòl Fran Vazquez ki pral jwe nan Orlando. Los Anjeles Clippers seleksyone adolesan Rus Yaroslav Korolev, dominiken Alberto Garcia ki pral jwe nan Sakramento Kings. Seattle Supersonics seleksyon franse Johan Petro. Lituanyen Linas Kleiza pral jwe nan Portland Trail Blazer. San Antonio Spurs ajoute yon lòt franse--Ian Mahinmi. Gen 3 lòt franse ki antre nan NBA a ane sa a. North Carolina Tar Heels gen 4 jwè ki seleksyone pami 30 premye yo.

Football

Fanatik brezilyen yo konsole n--fanatik Arjanten yo kontinye banboche apre viktwa 2 a 1 seleksyon Juniò Arjanten an ranpòte devan Brezil nan semi final koup du mond Juniò kap dewoule nan la Oland. Arjanten yo make gòl viktwa pandan arè de je yo. Arjantin pral rankontre an final ak Nijerya ki woule Maròk 3 a 0 nan lòt semi final la.

Jodi-a a 2 zè edmi la tè pral tranble an Almay lè Arjantin pral rankontre ak Brezil nan kad final koup konfederasyon an. Meksik ap rakontre ak Almay nan match konsolasyon an. Peyi ki ranpòte koup konfederasyon FIFA a pa janm ranpòte koup du mond la -se yon move nouvèl pou Brezil ki gen pou rankontre ak Arjantin nan final la nan Franckfurt an Almay. Arjantin ki te ranpòte premyè edisyon an an 1992 te elimine nan 8 tièm de final koup du mond ki te dewoule Ozetazuni an 1994. Danmak te ranpòte edisyon 1995 te fè wout krochu nan kar de final koup du mond Frans 98 la. Meksik ki te ranpòte edisyon 1999 la te elimine nan 8 tièm de final koup du mond Japon/Kore du Sud la an la 2002. La Frans ki te ranpòte edisyon 2001an te elimine depinan premyè tou koup du mond 2002 a. Eske done pral chanje?

Federasyon football Ostrali a ap chache yon nouvo antrenè pou seleksyon an apre demisyon brid soukou antrenè Frank Farina ki pase 6 zan ap antrene ekip la. Pami rezon ki justifye demisyon sa a se kritik msye Farina resevwa apre movèz pèfòmans seleksyon an renmèt nan koup Konfederasyon an kote yo subi 3 defèt. Ron Smith ap pran avni seleksyon an an men.

Nan MLS la s̈aswè a D-C United ap jwe an deplasman lakay Chikago Fire.

FIFA frape federasyon Panama yon penalite 4000 dola pou move konpòtman fanatik Panameyen yo ki te wouze jwè seleksyon ameriken yo ak kout mamit nan okazyon yon match kalifikatif koup du mond 8 Jwen pase a. Panameyen yo gen 30 jou pou peye amand la apre FIFA te rejte demand an apèl yo te fè kont desizyon an.

Antrenè seleksyon ameriken an Bruce Arena konvoke Santino Quaranta nan seleksyon ki pra patisipe nan koup dò KONKAKAF la. Santino ranplase Eddie Johnson ki blese.

Otorite la justis Brezilyen yo di yap mete nan yon prizon wot sekurite pitit gason footbalè brezilyen Pele--Edson Cholbi Nascimento pou pwòp sekurite l akoz dapre otorite yo mesye kapab tounen yon sib lòt machan dròg. Otorite yo te arete msye 6 Jwen pase a anba akuzasyon li ta mele nan trafik dròg. Msye rejte akuzasyon yo menm lè li rekonèt li konn pran yon ti bòz. Edson Cholbi Nascimento te jwe kòm gadyen-d-bu nan Santos Football Klub menm klub Pele te konn jwe. Li te fè jubile l an 1999.

Tennis

An Angletè jodi a pral gen yon gwo duèl nan kar de final tounwa tenis Wimbledon nan lè Swis Roger Federer pral rankontre ak Chilyen Fernando Gonzales epi Ostralyen Lleyton Hewitt pral boukante kout rakèt ak Espayòl Feliciano Lopez. Franse Sebastien Grosjean dwe pase sou kadav ameriken Andy Roddick si l vle kalifye pou semi final la.

XS
SM
MD
LG