Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Lapolis Arete yon Nèg yo Sispèk ki Mele nan Kidnapping


Daprè korespondan nou Rotchild Francois Junior, lapolis nan Pòtoprens arete yon nèg ki rele Jery Narcius, poutèt li ta swa-dizan enplike nan kidnapping.

Otorite yo dekouvri nèg sa a pandan l t’ap achte ak kad kredi yon mounn yo te kidnape. Sepandan, sòlda MINUSTAH yo te vle se yo menm ki pou entèroje sispèk la e okòmansman.

Gen nouvèl ki te fè konnen MINUSTAH te di sispèk la se yon enfòmatè. MINUSTAH te okipe komisarya ayeropò a pou yon bout tan, aprè sa, yo te remèt sispèk la bay lapolis ayisyèn.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou aktyalite a ann Ayiti pou jounen vandredi 24 jen 2005 la.

XS
SM
MD
LG