Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/24/05


Tennis

Tèt de seri numewo 5 tounwa tenis Wimbledon nan Rus Marat Safin elimine nan konpetisyon fas a espayòl Feliciano Lopez 6-4, 7-6, 6-3. Ameriken Taylor Dent ekate Tchèk Tomas Berdych 6-3, 7-6, 6-3. Ostralyen Lleyton Hewitt kalifye apre li pase ameriken Justin Gimelstob 3 kout rakèt 7-6, 6-4,7-5.

Franse Amelie Mauresmo kalifye pou 4 trièm tou tounwa tenis Wimbledon nan kap dewoule an Angletè. Mauresmo kale san dikikilte ameriken Shenay Perry 6-0, 6-2. Nan lòt rankont ki jwe jodi Vandredi a Rus Elena Dementieva te monte yon maswife avan li kale ameriken Mashona Washington 7-5. 6-1. Bulgar Magadelena Maleeva pat rankontre twòp difikilte pou l kale Italyèn Antonella Serra Zanetti 6-3, 6-2.

La pli retade rankont ki tap jwe ant ameriken Andy Roddick ak Italyen Daniele Bracciali. Match te deja ranvwaye yè swa akoz obskurite.

Olympic 2012 / Paris

Otorite Olenpik yo nan vil Pari anonse yo pral enstale yon seri de gwo ekran bò otèl de vil la pou pèmèt fanatik yo asiste an dirèk anons vil Komite Olenpik Entènasyonal la ap deziye pou òganize je zolempik dete 2012 yo.

NBA

Plizyè milye fanatik ekip basketball San Antonio Spurs te desann sou beton an apre ekip lokal kale Detroit Pistons 81 a 74 pou l ranpòte tit chanpyon nasyonal pou sezon. Tim Duncan make 25 pwen e trape balon an 11 fwa pou l ranpòte Pri pibon pami pibon jwè nan faz final la.

Football

Brezil ap rankontre ak Almay jodi a nan kad match kar de final chanpyona du mond Juniò kap dewoule nan La Holand. Demen Samdi Brezil ap rankontre ak Almay nan kad koup Konfederasyon Almay 2005 la epi Dimanch Arjantin kont Meksik .Almay se sèl ekip Europyen ki nan konpetisyon an kont 3 ekip Amerik Latin.

Federasyon football meksiken an rekonèt yo mete deyò nan seleksyon an defansè seleksyon an Salvador Carmona ak Aaron Galindo nan kad yon ankèt pou dopaj yap men-nen kont yo. FIFA ki poko fè kòmantè sou sujè a, mande federasyon Meksiken an pou l ba l yon rapò detaye.

Almay ki ranpòte tounwa football Europeyen pèmèt li rete nan tèt klasman FIFA publiye nan kategori meda m yo. Etazuni klase 2 zièm. Answit nou jwen Norvèj, Brezil, La Frans, La Swèd, Kore du Sud, la Chin, Danmak ak Itali ki konplete list 10 meyè seleksyon football mondyal feminen.

Klub Angle Liverpool ap kòmanse defann tit chanpyon dè chanpyon lig Europeyen an a domisil nan kad premye tou match kalifikatif konpetisyon an. Liverpool ap akeyi chanpyon peyi dè Gal Total Network Solutions le 12 ou byen 13 Juyè. Match retou a fikse pou yon semen apre- Gen yon distans 100 kilomèt ki separe 2 ekip yo. Venkè rankont sa a ap rankontre swa ak klub Torshavn( Ile Faroe ou byen klub Lituanyen FBK Kaunas.

Seleksyon Football Senegal la ap chache yon nouvo antrenè apre federasyon an revoke frane Guy Stephane--revokasyon sa a rive nan moman Senegal kapab elimine nan koup du mond Almay 2006 la apre match 2 a 2 yo fè ak Togo Samdi. Senegal gen 2 pwen dèyè lidè group l an Togo menm lè manke 2 match pou faz eliminatwa a fini. Klub football Espayòl Real Madrid ap òganize yon toune Ozetazuni kote li gen pou l jwe 2 match chofe jarèt kont klub Meksiken Chivas nan Chikago le 16 Juyè epi kont Los Anjeles Galaksi. Responsab klub Madrilè n yo konfime patisipasyon tout vedèt ekip la nan toune a.

Antrenè seleksyon nasyonal ameriken an Bruce Arena publiye lis jwè ki pral reprezante Etazuni nan Koup dò Konkakaf la kap kòmanse soti 6 Juyè pou rive 24 Juyè nan 6 vil ameriken. Ameriken yo nan group B ansanm ak Kanada, Kosta Rika ak Kuba.

Responsab Santos O Brezil finalman konfime yo jwen yon òf transfè pou Robinho ta al jwe nan Real Madrid.

XS
SM
MD
LG