Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/23/05


NBA

Klub basketball ameriken Milwaukee Bucks revoke antrenè Terry Porter apre ekip la renmèt pi move pèfòmans an 10 zan nan NBA a. Bucks yo fini sezon regulye ak 30 viktwa 52 defèt. Responsab yo ap chache yon nouvo antrenè Aswè a nan San Antonio se 7 tièm e dènye rankont pou detèmine chanpyon nasyonal pou sezon an lè San Antonio ap akeyi Detroit Pistons--seri a pataje ak 3 viktwa patou.

Football

Brezil kalifye pou semi final koup Konfederasyon Almay 2005 la apre li fè match nul 2 a 2 ak Japon ki elimine. Brezilyen yo, kap rankontre ak Almay Samdi nan semi final la, kalifye akoz gòl diferans devan Japonè yo. Nan lòt rankont Meksik fè match ak Arjantin 0 a 0. Meksiken yo rankontre ak Arjantin Dimanch menm jou otorite FIFA yo ap rann omaj ak defen footbal Kamerounè Marc Vivien Foe ki te mouri an 2003 ak yon kriz kadyak pandan semi final rankont ant Kolonbi ak Kameroun.,

Klub football Angle Manchester United siyen yon kontra 4 tran ak footbalè Sud Koreyen Park Ji-Sung ki te konn jwe nan klub Olandè PSV Eindhoven. Kontra a koute 7 milyon 300 mil dola.

Prezidan federasyon football Turk la revoke antrenè seleksyon an Ersun Yanal apre li pa satisfè ak pèfòmans seleksyon an renmèt nan faz eliminatwa koup du mond Almay 2006 la. Tuki klase 2 zièm ak 7 pwen dèyè Ukrèn nan group 2 zòn Europeyen an.

Tennis

Pat gen supriz nan tounwa tenis Wimbledon nan. Swis Roger Federer ranpòte la viktwa menm jan ak ameriken Lindsay Davenport, franse Amelie Mauresmo, Ostralyen Lleyton Hewitt. Tounwa a ap rapousib jodi a.

XS
SM
MD
LG