Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/21/05


Tennis

Gwo supriz kay medam-yo : Bèlj Justinne Henin-Hardenne (7) elimine . Bouwo-l-la rele Eleni Daniilidou ki soti nan peyi Lagrès e ki elimine l an 3 sèt : 6-7, 6-2, 7-5. Yon lòt kote, rus Maria Sharapova (2e), chanpyon sòtan an kalifye avèk klas apre li fè yon sèl bouche ak espayòl Nuria Lagostera Vives an 2 sèt a 0 : 6-2, 6-2. Kay mesye-yo : Amériken Andy Roddick (2) kalifye apre viktwa l sou tchèk Jiri Vanek : 3 sèt a 0 : 6-1,7-6, 6-2. Lòt kalifye ankò se Guillermo Corai , Andrew Murray, Jiri Novak, Alex Calatrava ak Britanik Tim Hennman.

Olympic

Komite òganizatè je zolenpik Peken 2008 yo anonse plan preparasyon pou seremoni douvètu ak klotu konpetisyon ap kòmanse an Septanb. Tikè ap kòmanse vann ane pwochè n.

NBA

San Antonio Spurs kapab ranpòte trofe NBA a lè lap akeyi Detroit Piston aswè a nan kad 6 zièm nan seri 7 match.San Antonio te suprann Detroits a domisil ak yon viktwa 96 a 95 an pwolongasyon pou-l domine seri a 3 viktwa 2 defèt--. San Antonio ap chache ranpòte yon 3 zièm tit nan yon espas de 7 tan.

Football

Seleksyon Junniò Etazuni an ap rankontre Itali pandan ke la chin pral mate balon fas a Almay nan kad faz dechoukaj chanpyona du mond Juniò kap dewoule nan la Oland. Nan lòt rankont chanpyon sòtan an Brezil ap rankontre ak Siri pandan ke Japon pral jwe kont Maròk. Venkè yo ap kalifye pou kar de final la kap jwe Vandredi ak Samedi.

Brezil ak Japon pral dèyè dènye biyè ki disponib pou demi final koup konfederasyon Almay 2005 la. Brezilyen yo te pran yon kal sezisman devan Meksik Dimanch--viktwa ki bay Meksiken yo tikè pou semi final la ansanm ak Alman ak Arjantin. Jodi-a yon duèl ant Almay ak Arjantin pandan ke Ostrali pral mate balon fas ak Tunizi. Atansyon yo pral konsantre sou rankont kap jwe ant Japon ak Brezil demen Mèkredi a--2 ekip yo gen 3 pwen yo chak--men Brezil gen yon diferans gòl plus 2 e Japon 0. Nan match amikal entènasyonal Kosta Rika fè match nul 2 a 2 ak la chin

Prezidan FIFA a Sepp Blatter òganize yon reyunyon durjans ak responsab federasyon football Grèk la pou diskute sa l konsidere enjerans gouvènman Grèk la nan aktivite football peyi a. Nan sant deba a se la lwa Grèk ki pa danse kole ak statu football peyi a--lwa FIFA mande pou gen yon separasyon ant federasyon yo ak gouvènman yo.

Klub footbal Portugè FC Porto siyen yon kontra 3 zan ak footbalè Brezilyen Anderson Oliveira.

Olympics

Majistra vil New York la Michael Bloomberg anonse boksè lejandè ameriken Mohammad Ali ap fè pati delegasyon ameriken ki pral nan Sengapour pou asiste anons Komite Olenpik Entènasyonal la ap fè pou deziye vil ki pral òganize je zolempik yo an lan 2012. Vil Lond anonse kapitèn seleksyon Angle a David Beckham ak Premye Minis Tony Blair ap fè pati delegasyon komite olenpik angle a. Espayòl yo ap gen nan delegasyon an Rè n Espay la ak siklis Miguel Indurain ki ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 5 fwa.

XS
SM
MD
LG