Nan peyi d’Ayiti, reyaksyon tonbe aprè kèk palmantè ameriken te lanse apèl bay gouvènman ayisyen an pou mande l revoke minis jistis la, daprèzavwa li ta mal jere afè ansyen premye minis Yvon Neptune nan. Korespondan nou Rotchild François Jr. ap prezante kèk nan reyaksyon yo depi Pòtoprens.