Accessibility links

Breaking News

Assade Francoeur: Temwayaj Yon Vedèt Kretyen


Paj Relijyon an te fè yon ti koze ak gran vedèt mizik ayisyen Assade Francoeur, nan okazyon pasaj li Washington, DC pou yon konsè, samdi 11 jen 2005 la, ansanm ak gwoup Les Frères Déronette. Moun ki responsab òganizasyon evènman sa a se Benoît Pinchinat, yon antreprenè e pwomotè nan kominite ayisyèn Washington nan.

Assade Francoeur, ki te pase plizyè lane ap fè mizik (chante e konpoze) pou gwoup tankou Super 9, Safari Combo, Koupe Kloue, di Lavwadlamerik se Bondye menm ki mete men sou li e ki ramne li nan tanp li pou li ka chante glwa sila a ki kreye tout bagay e ki mèt tout bagay. Se pou sa li konpoze mòso tankou "Bondye konn fèt wout" ou ankò "Ala bèl sa ta bèl" kote, nan dezyèm egzanp sa a, li imajine yon seri gran vedèt mizik peyi d Ayiti ki ta deside chante pito pou Letènèl.

Nou te divize ti kozman sa a an 2 segman ke nou kapab tande lè nou fè klik sou ralonj ki anlè paj la...

XS
SM
MD
LG