Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 6/9/05


Football

Etazuni make 3 gòl nan premye mitan an pou kale Panama 3 a 0 nan kad match kalifikatif koup du mond Almay 2006--yon rankont ki te jwe nan Panama Citi. Panameyen yo rate anpil opòtunite. Carlos Boca Negra, Landon Donovan ak Brian MacBride make gòl ameriken yo nan yon defans ki dezòganize. Meksik, ki pat renmèt yon bèl pèsòmans, kale Trinidad and Tobago 2 a 0. Kosta Rika kale Gwatemala 3 a 2 Meksik toujou nan tèt group la ak 13 pwen--4 viktwa ak yon nul pandan ke Etazuni gen 12 pwen ak 4 viktwa yon defèt. Pwochen rande vou le 17 Out lè Gwatemala ap akeyi Panama. Costa Rika pral lakay Meksik epi Etazuni ap akeyi Trinidad and Tobago nan Connecticut.

Nou pral konte blese nan Amerik du Sud la kote Arjantin bimen Brezil 3 a 1 pou pran tèt klasman jeneral la ak 4 pwen devan Brezilyen yo swa 31 pwen. Chili kale Venezuela 2 a 1. Ekwatè toujou klase 3 zièm malgre li pèdu devan Kolonbi 3 a 0. Paragwe pat pèdu tan ak Bolivi ak yon viktwa 4 a 1klase 4 trièm ak 22 pwen.

26 peyi Europeyen te sou teren an tou yè Mèkredi-a. Ukrèn pran tèt group 2 a ak 7 pwen davans apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan la Grès. Tuki benyen Kazakshstan 6 a 0 poul klase 2 zièm ak 16 pwen. La Grès klase 3 zièm. Danmak, ki kapab pa kalifye, kale Albani 3 a 1. La oland toujou an premyè pozisyon nan group 1 an apre viktwa 4 a 0 yo ranpòte devan Findland. Republik Tchèk klase 2 zièm apre yo woule Masedwa n 6 a 1. San bliye Woumani toupizi Armeni 3 a 0. Nan group 7 la Espay ak Bozni-Herzegovin pataje premye plas la apre yo fè match nul 1 a 1. Portugal toujou tèt group 3 a devan Slovaki apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Estoni. Slovaki benyen Luksanbourg 4 a 0. Letonie ranpòte yon viktwa tou mens devan Liechtenstein. Irland domine group 4 la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan zil Feroe yo. La Frans, Angletè, Itali pat sou teren an. Nan match amikal Almay fè match nul 2 a 2 ak la Rusi.La Norvèj kale la Swèd 3 a 2 pei Sengapour kale Malezi 2 a 1.

Japon, Iran, Kore du Sud ak Arabi Sawoudit kalifye pou reprezante kontinan Azyatik la nan faz final koup du mond Almay 2006-la.

NBA

Final pou detèmine chanpyon nasyonal NBA a ap demare aswè a lè San Antonio Spurs ap rankontre chanpyon sòtan an Detroit Pistons. San Antonio ap gen sou teren an 5 etranje: france Tony Parker, Tim Duncan ki soti nan zil Vyèy yo, Slovèn Rasho Nesterovic ak Beno Udrih. Nan ekip Detroit la gen 2 etranje Darko Milicic ki soti nan Sèbi ak Montenegro epi Porto Riken Carlos Arroyo.7 jwè sa yo figure pami 74 jwè etranje ki soti nan 34 peyi pami yo Ayiti kap evolye nan chanpyona nasyonal Basketball ameriken an. Analis yo estime plis pase 3 milya fanatik kapab swiv final la kap retransmèt nan 205 peyi an 45 lang pami yo Tagolog ak Mandaren

XS
SM
MD
LG