Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Mande Dirijan Nan Amerik yo Defann Demokrasi ak Libète


Prezidan Bush lanse yon apèl bay manm Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pou yo defann demokrasi ak libète nan emisfè a. Nan rankont minis afè etranjè OEA yo kap dewoule nan eta Florid, msye Bush di demokrasi dwe fè yon diferans nan reyalite pèp nan rejyon an.

Prezidan ameriken-an di, “Pou avni timoun nou yo ka miyò, fòk sitwayen yo wè ke demokrasi se pa pwomès sèlman li ofri; yo dwe wè vi yap mennen chak jou, efò yo, espri antrepriz yo, jwenn rekonpans yo merite; yo dwè santi ke nan yon sosyete demokratik moun ka mache nan lari ak sekirite, fòk leta pini koripsyon e tout sitwayen dwe egal-ego devan lalwa. Anfen George W. Bush deklare: yon jou vag libète a gen pou li touche rivaj peyi Kiba tou. Nou gen sou plas kolaboratè nou Lyonel Desmarattes ki ban nou plis detay sou reyinyon L’OEA a. Klike sou lyen ki anlè tèks la pou w'ka tande repòtaj li sou prestasyon Msye Bush fè lendi 6 jen an nan Florid.

XS
SM
MD
LG