Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/30/05


Tennis

Rus Maria Sharapova pat pran tan pou l debarase l de espayòl Nuria Llagostera Vives an 2 manch 6-2, 6-3 e pase nan kar de final tounwa tenis Roland Garos la ke la pli te ranvwaye. Sharapova pral rankontre nan kar de final la ak Bèlj Justin Henine-Hardenne ki elimine Rus Svetlana Kuznetsova 7-6, 4-6, 7-5. Ameriken Lindsay Davenport kalifye pou kar de final tounwa tenis Roland Garos la apre li elimine Bèlj Kim Clijsters ak yon viktwa 1-6, 7-5, 6-3. Davenport se dènye ameriken sou yon total 22 ki tap patisipe nan konpetisyon an. Franse Mary Pierce pase nan kar de final la apre li elimine Swis Patty Schnyder 6-1, 1-6, 6-4.

Bò kote msye yo Swis Roger Federer, ki poko janm ranpòte tounwa Roland Garos la, ap rapousib tounwa a apre li elimine Espayòl Carlos Moya 6-1, 6-4, 6-3 pou l amelyore dosye l ak 45 viktwa 2 defèt. Lòt kalifye yo se Espayòl David Ferrer ki elimine Arjanten Gaston Gaudio. Raphael Nadal elimine franse Sebastien Grosjean an 3 manch 6-4, 3-6, 6-0, 6-3.

Atletisme

Etyopyen Werknesh Kidane ranpòte kous 10 mil feminen konpetisyon Atletis ameriken ki tap dewoule nan Palo Alto an Kaliföni. Etyopyen Lauren Fleshman ranpòte kous 5 mil mèt feminen epi konpatriòt li Markos Geneti ranpòte kategori maskulen an. Kenyan Meshack Sang ak ameriken Jorge Torres fini ak yon bon rezulta ki pèmèt yo kalifye pou koup du mond Altletism ki gen pou dewoule nan Helsinki nan fen ane a.

Ameriken Marion Jones fini an 2 zièm pozisyon nan kous 100 mèt kous atletis Grand Prix ki tap dewoule nan Hengelo an Oland. Bahameyen Chandra Sturrup ki ranpòte kous 100 mèt la devan Marion Jones ki retounen sou sikwi Europeyen an apre apre nonn site nan skandal Steroyid Laboratwa BALCO a.

Bò kote msye yo Kenyan Alex Kipchirchir ranpòte kous 800 mèt la. Kenyan Issac Songok ak Augustine Choge ranpòte kous 3 mil ak 5 mil mèt la. Etyopyen Kenenisa Bekele ranpòte kous 10 mil mèt la. Ameriken Allen Johnson ranpòte kous 110 mèt Hè ak yon rekò 13 pwen 1.8.

Olympics

Komite Olenpik Entènasyonal la di li toujou kwè konpetisyon Ekès( kous cheval pa obstak) la pral dewoule nan Hong Kong olye de nan vil Peken akoz eksperyans responsab Peken yo genyen nan domè n nan.

Football

Medya leta yo nan Vyetnam rapòte otorite football peyi a suspann aibt Luong Trung Viet akoz sanble li ta ede yon ekip nan premye divizyon ranpòte yon rankont. Football

Klub football Italyen Udinese jwen dènye tikè pou 3 zièm tou preliminè Lig dè chanpyon an nan okazyon 38 tièm e dènye jounen chanpyona Itali a apr eyo fè match nul 0 a 0 ak Milan A C. Fiorentina rete an premyè divizyon gras ak yon rakle yo pase Brescia ki desann nan 2 zièm divizyon. Juventus de Turen ranpòte trofe a.

An Almay Bayern de Munik fè 2 kabès pandan sezon an non sèlman yo ranpöte chanpyona Bundersliga a men tou koup Almay la. An Espay F.C. Barselòn ki ranpòte chanpyona klouture sezon an ak yon nul yo fè fas ak Real Sociedad 0 a 0 pandan ke Real Madrid bimen Saragosse 3 a 1 nan dènye jounen chanpyona Espayòl la.

Isit Ozetazuni D.C. United tonbe devan FC Dallas 2 a 0 Samdi nan Washington. Etazuni fè bèk a tè devan seleksyon Angle a 2 a 1 Samdi nan Chikago nan kad yon rankont entènasyonal avan ti mesye tonton Sam yo akeyi Kosta Rika nan Salt Lake City 4 Jwen Trinidad and Tobago ki gen pou akeyi Panama 4 Jwen, ranpòte yon viktwa 4 a 0 devan Bermud.

Volleyball

Republik Dominikèn fini 3 zièm ak yon meday de bronz nan okazyon tounwa entènasyonal Volebòl ki tap dewoule an Chin. Dominiken yo ap prepare pou tounwa volebòl Panameriken yo ak tounwa Gran Prix Mondyal la.

NBA

Aswè a San Antonio kapab ranpòte konferans de Lwès la si yo elimine Phoenix Suns an mè m tan kalifye pou final nasyonal la. Yè swa Miami Heat fè yon dènye efò pandan 2 zièm mitan pou l kale Detroit Piston 113 a 104 e domine seri a 2 viktwa kont 1 defèt nan final konferans de Lès-la. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi toujou lakay Detroit.

XS
SM
MD
LG