Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/23/05


Tennis

Rus Anastasya Myskina tounen premye chanpyon sot̀an tounwa tenis Roland Garos la ki elimine depi nan premye tou tounwa a.Tounwa tenis Roland Garos ki kòmanse jodi a nan vil Pari a an Frans kote Bèlj Kim Clijsters ranpòte premye viktwa l fas a ameriken Mellen Tu an 2 manch 6-1, 6-0 nan yon rankont ki te dure sèlman 48 minit. Myskina tonbe ak 3 kout rakèt fas ak espayòl Maria Sanchez Lorenzo 6-4, 4-6, 6-0. Ameriken Lindsay Davenport pase pou 2 zièm tou a. Bò kote mesye yo Swis Roger Federer pat gen difikilte pou l pase nan 2 zién tou apre li woule Izrayelyen Dudi Sela ak kout rakèt 6-1, 6-4, 6-0. Espayòl Rafael Nidal ki gen 18 tan byen demare apre li elimine Alman Lars Burgsmuller 6-1, 7-6, 6-1.Lòt kalifye yo se espayòl Carlos Moya, Tchèk Radek Stepanek, Slovak Dominik Hrbaty, Kwat Mario Ancic ak franse Sebastien Grosjean yo tout kalifye pou pwochen tou a.

Football

Lè klub Italyen ap rakontre Mèkredi ak klub football angle Liverpool nan final Lig dè Chanpyon Europeyen nan Istanbul an Turki se premye fwa 2 belijeran football yo ap rankontre. Milan A-C pral chache ranpòte konpetisyon an pou yon 7 tièm fwa pandan ke Liverpool pral dèyè yon 5 kièm tit--yon rankont abit espayòl Manuel Enrique Mejuto Gonzales ap abitre. Msye Gonzales figure pami abit ki seleksyone pou abitre rankont Koup Konfederasyon an ki gen pou dewoule an Almay an Jwen pwochen. Msye figure nan lis abit pou faz final koup du mond Almay 2006 la.

Juventus de Turen ranpòte chanpyona premye divizyon Italyen an malgre yo fè match nul ak Livourne--Turinwa yo te deja ranpòte chanpyona a apre Milan A-C te fè match 3 a 3 ak Parme Vandredi.

An Euròp Antrenè F C Porto a Jose Cruceiro renmèt demisyon n yè swa nan okazyon 34 trièm e dènye jounen chanpyona premye divizyon Pòtugè a ke Benfica de Lisbòn ranpòte.

D.C. United kale Kansas City Wizards 3 a 2 Samdi isit Washington nan kad chanpyona nasyonal balon ameriken an. Christian Gomez make 2 gòl epi Jaime Moreno te louvri skò a sou yon penalite. Antrenè D.C United Peter Nowak kontan pèfòmans ekip la renmèt:" Gen anpil aspè pozitif nou kapab tire nan rankont la menm lè nou pa dwe repete 2 erè nou komèt. Mwen kwè an jeneral se te yon bèl rankont." Nan klasman jeneral la D-C United klase 3 zièm ak 11 pwen dèyè New England Revolution ki nan tèt klasman an ak 20 pwen epi Chikago Fire gen 13 pwen. Nan konferans de Lwès la Colorado Rapids kote nou gen konpatriòt nou Jean Philippe Peguero ap jwe, pèdu 2 a 1 devan Chikago Fire. Rapids yo klase an 5 kièm pozisyon ak 7 pwen. F C Dallas an premyè pozisyon ak 18 pwen nan konferans de Lwès la.

NBA

Semi final faz final chanpyona nasyonal basketball ameriken an ap rapousib jodi a lè Miami Heat ap rankontre ak chanpyon sòtan an Detroit Pistons nan premye sou yon total 7 rankont. Ekip ki ranpòte seri a ap ranpòte konferans de Lès la an mè m tan kalifye pou final nasyonal la. Yè Dimanch la San Antonio Spurs danse sou Phoenix Suns 121 a 114 nan yon match gason pat kanpe

XS
SM
MD
LG