Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Ayisyen an Mande L'ONU Voye ann Ayiti Sòlda Ki Pale Fransè ou Kreyòl


Pami pwen k'ap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti, genyen apèl Premye-Minis Gérard Latortue lanse bay Sekretè-Jeneral L'ONU an, Kofi Annan, pou li apiye deplwaman sòlda ki pale Franse oswa Kreyòl nan kad misyon stabilizasyon ki ann Ayiti a. Anmenmtan, Premye-Minis la swete nouvo inite sa yo va entegre Polis Nasyonal, pou yo ka kontribye plis nan efò kont ensekirite a.

Pandansetan, msye Latortue voye gwo remèsiman bay ansyen Anbasadè ameriken nan L'ONU Andrew Young pou mesaj lapè ak rekonsilyasyon li sot' delivre pandan yon virewon nan kapital ayisyèn nan.

Anfen, klima vyolans la pa sispann. Gen ka lanmò yo anrejistre ankò nan Pòtoprens, tankou nou kapab tande l' nan repòtaj korespondan nou Renan F. Toussaint si nou fè klik sou ralonj (lyen) ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG