Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/19/05


Koup Angletè

Yon endividu otorite yo pa idantifye achte ansyen koup Asosyasyon Football Angle a pou plis pase 879 mil dola. Koup la te fabrike an 1896 pou ranplase koup orijinal ki te fè wout krochu an 1895 Pri sa a depase ansyen rekò 467500 dola ki te peye pou foto kopi koup Jules Rimet a an 1997

Klub Rus C_S_K_A ranpòte koup Unyon Football Europeyen apre yo pase Sporting Lisbon yon rakle 3 a 1 yè Mèkredi a nan Portugal. Se premye klub Rus ki ranpòte yon gran chanpyona Europeyen. Dynamo de Moskou te pèdu an final koup dè venkè de koup la fas ak Glasgow Rangers an 1972.

Nan konkakaf la aswèa Ayiti ap rankontre ak Kanada epi Meksik fas a Honduras nan kad kwadrangulè final eliminatwa koup du mond Kadè a kap dewoule O Meksik. Ayiti te pèdu match douvètu a fas a Meksik 2 a 0. Faz final la ap dewoule O Perou ane sa a.

Responsab seleksyon Pòtugè a konvoke Luis Figo pou fè pati seleksyon ki pral rankontre ak Slovaki ak Estoni nan eliminatwa koup du mond Almay 2006 la.

NBA

Amare Stoudemire make 33 pwen msye trape balon an 18 fwa pou ede Phoenix Suns ranpòte yon viktwa 114 a 108 devan Dallas Mavericks e mete seri ak 3 viktwa kont 2 defèt an favè yo. San Antonio Spurs kapab kalifye pou final konferans de Lwès la si l kale Seattle aswè a. San Antonio ap domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt. Menm situasyon an nan Konferans de Lès la kote chanpyon sòtan an Detroit Pistons ap domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt fas a Indiana. Venkè seri sa a pral rankontre ak Miami ki te elimine Washington Wizards.

Jeff Van Gundy dakò pou l pwolonje manda l pou yon lòt ane kòm antrenè Houston Rockets malgre li te kritike NBA a--kòmantè ki te koute l 100 mil dola amand.

Pou yon 8 tièm sezon afile Tim Duncan, kap jwe nan San Atonio Spurs, nonmen pami seleksyon ideyal NBA pou sezon an. Lòt ki seleksyone nan ekip ideyal la nou jwen Shaquille O’Neal, Steve Nash, Dirk Nowitzki ak Allen Iverson.

Asosyasyon Nasyonal Basketball ameriken sispann negosyasyon li tap fè ak sendika jwè yo. Aktyèl kontra a ap ekspire 30 Jwen.

Tennis

Ameriken Venus Williams ak Izrayelyèn Anna Smashnova kalifye pou semi final tounwa tenis koup Istanbul la kap dewoule an Tuki.

Espay ak Almay pral diskute semi final tounwa tenis par ekip mondyal la kap dewoule nan Dusserldorf an Almay apre yo elimine Etazuni ak la Swèd nan group Ble a. Ostralyen Lleyton Hewitt ak ameriken Taylor Dent pap patisipe nan tounwa tenis Roland Garos la kap kòmanse Lendi 23 Me kap vini la a. 2 pèdan nan tounwa repechaj la ap ranplase yo.

Sport/ Steroids

Responsab lig spò pwofesyonèl ameriken yo ansanm ak sendika jwè yo fè depozisyon devan manb kongrè a sou utilizasyon steroyid nan spò kote yo mande palmantè yo pa pase oken lwa sou pwogram anti dopaj-fè yo konfyans. Pwojè lwa Kongrè a vle adopte prevwa yon punisyon otomatik 2 zan, menm sanksyon komite Olenpik la enpoze kont tout atlèt ki ta konsome dròg entèdi. Pwojè lwa a prevwa yon suspansyon avi pou yon 2 zièm ofens. Lig ki pa mete an aplikasyon lwa a kapab peye yon amand 5 milyon dola pou pipiti. Responsab sendika jwè yo di aplikasyon règleman Ajans Anti Dopaj Mondyal la ap bay moun ki pa ameriken kontwòl sou spò pwofesyonèl ameriken yo.Responsab NBA, Baseball, Football zèpòl kare ak sendika jwè yo tout te fè depozisyon devan komite Kongrè a.

XS
SM
MD
LG