Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/18/05


Football

Se jodi a final Koup Unyon Football Europeyen an ap dewoule nan Portugal ant C-S-K-A de Moskou fas ak Sporting de Lisbon. C-S-K-A ap chache tounen premye klub Rus ki ranpòte yon chanpyona Europeyen pandanke Sporting Lisbòn ap tounen premye klub Pòtugè ki ranpòte yon gran konpetisyon Europeyen pou la premyè fwa depi 1964. Gen anviwon 4 mil Rus fè deplasman ak klub la. Final la ap dewoule nan Stad Jose Alvalade a e ki gen yon kapasite 45 mil plas. Sporting Lisbòn ap chache tounen 6 zièm klub Europeyen ki ranpòte yon final a domisil. Nap raple F-C Porto te ranpòte tounwa a an 2003. Otorite yo mobilize anviwon 900 ajan polis pou garanti sekurite fanatik yo.

Yon lòt kote footbalè entènasyonal Olandè Mark Van Bommel kap jwe nan PSV Eindoven siyen yon kontra 3 zan ak F C Barselòn. Nouvèl yo pa di konbyen lajan klub la ap peye footbalè a ki gen 28 tan. Van Bommel, ki jwe nan mitan teren, make 23 11 gòl pandan 23 rankont li jwe pou klub Olandè-a.

Federasyon Football Espayòl la louvri yon ankèt sou pawòl piman bouk Kamerounè Samuel Eto’o te lanse kont Real Madrid nan moman klub Katalan an tap selebre 17 tièm tit li ranpòte nan chanpyona Espayòl la. Footballè a te mande fanatik yo ak klub Real Madrid la padon pou efè negatif pawòl piman bouk yo ta koze. Yè Madi Real Madrid di li aksepte ekskuz yo. Sou menm nouvèl la prezidan F-C Barselòn nan konfime Samuel Eto’o pap kite ekip la malgre bri kap kouri.

Pa gen gwo chanjman ki fèt nan klasman FIFA publiye pou mwa Me a konpare ak klasman òganizasyon Football Entènasyonal la te publiye pandan mwa Avril la. Brezil toujou nan tèt klasman jeneral la devan Republik Tchèk, Arjantin ak la Frans. Sèl chanjman nou kapab siyale pami 10 premye se Meksik ki klase 7 tièm apre match nul 1 a 1 li te fè ak La Polòy epi Espay klase 8 tièm.

Klub Italiyen Verone kap evolye nan 2 zièm divizyon ap jwe pwochen match fas a Salernitana ak tout pòt fèmen apre fanatik yo te lanse kèk pawòl rasis nan okazyon rankont ekip la tap jwe kont Perouse.

Lig Football Italyen an suspann pou 8 match franse Jamal Aliuoi apre li te frape plizyè jwè ekip advès la.

Atletisme

Atlèt Grèk Costas Kenteris ak Ekaterini Thanou gen pou konparèt devan yon juj ki kapab enkulpe yo nan skandal anti dopaj pandan je zolenpik Atè-n 2004 yo epi bay otorite yo manti kòm kwa yo te fè yon aksidan motosiklèt.

NBA

Detroit Pistons kale Indiana Pacers 86 a 67 pou l domine seri 7 rankont semi final la ak 3 viktwa kont 2 defèt. 6 zièm rankont la ap jwe Jedi lakay Indiana. Nan Konferans de Lwès-la San Antonio Spurs suprann Seattle Supersonics ak yon viktwa 103 a 90 pou l domine seri a ak 3 viktwa kont 2 defèt. 2 belijeran yo ap rankontre demen swa lakay Seattle. Aswè a Dallas Mavericks pral lakay Phoenix Suns. 2 ekip yo a egalite 2 viktwa patou.

Football

Honduras kale Kanada 2 a 0 nan kad kwadrangulè final eliminwa koup du mond Kadè ki gen pou dewoule O Perou soti 16 Septanb pou rive 2 Oktòb. Meksik kale Ayiti 2 a 0. Se premye defèt seleksyon kadè ayisyen an subi depi li te pèdu 2 a 1 devan Republik Dominikè-n 27 Oktòb 2002. Ayiti ap rankontre ak Kanada demen pandan Meksik pral mate balon fas a Honduras. Seleksyon ki ranpòte kwadrangulè a ap kalifye pou final la . Peyi ki fini an 2 zièm pozisyon an pral jwe yon match de baraj kont Kosta Rika ale/retou pou detèmine 3 zièm reprezantan zòn KONKAKAF la.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè règleman anti dopaj FIFA a pi sevè ke kòd anti dopaj Ajans Anti Dopaj Mondyal mande pou aplike nan tout disiplin. FIFA di lè yo suprann yon footballè kap konsome dròg entèdi swa pandan ou byen an deyò yon konpetisyon otomatikman endividu resevwa yon suspansyon 6 mwa pou pipiti. Msye Blatter tap reyaji ak delè juskan Septanb Ajans Anti Dopaj Mondyal la bay FIFA pou l konfòme l ak nouvo règleman yo ki rekòmande yon suspansyon otomatik 2 zan pou tout atlèt ki te teste pozitif--Ajans Anti Dopaj Mondyal menase pou ekspulse Football nan je zolenpik yo.

Kore du Nò aksepte kont li menm pou l jwe pwochen match kalifikatif koup du mond kont Japon nan Bangkòk, Tailand. FIFA pran desizyon kòm punisyon pou move konpòteman fanatik football Nò Koreyen yo te genyen pandan 2 rankont kont Japon ak Bharen. Nò Koreyen yo peye yon amand anviwon 17 mil dola pou ensidan yo.

Tennis

Chili ak Arjantin pral chache yon plas nan final Koup du mond par ekip tenis mondyal la. Chilyen yo, ki ranpòte konpetisyon an 2 fwa afile, kale la Frans 2 a 1. Arjantin kale Republik Tchèk 2 a 1. Jodi-a Almay ap rakontre ak la Swèd nan groiup bleu a pandan Espay pral ranontre ak Etazuni.

Rus Nikolay Davydenko kalifye pou kar de final tounwa tenis Gran Pri a kap dewoule an Otrich. Otrichyen Jurgen Melzer kalifye pou kar de final la tou.

Bò kote meda-m yo ameriken Venus Williams byen demare tounwa tenis Istanbul la gras ak 2 kout rakèt li pase espayòl Marta Marrero 6-0, 6-0

Volebòl de Plaj

Federasyon entènasyonal Volebòl la anonse li jwen yon antant ak komite òganize je zolempik Peken 2008 yo sou anplasman kote rankont Volebòl de plaj yo pral dewoule.

Òganizatè Je Zolenpik Peken 2008 yo anonse je paralenpik yo ap dewoule soti 6 pou rive 17 Septanb. Gen yon total 20 disiplin kap prezan nan je paralenpik yo.

XS
SM
MD
LG