Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/13/05


Football

Gadyen-d-bu seleksyon franse a Fabien Barthez ap kontinye pap kapab monte sou yon teren football pou juskan Desanm pou tèt li te krache sou yon abit maroken. Desizyon an vle di Barthez ap rate 4 pwochen match kalifikatif koup du mond la Frans gen péou l jwe. Responsab Olenpik de Marseille yo di yo prale an apèl ak desizyon an.

NBA

Seattle Supersonics ranpòte yon viktwa de justès devan San Antonio Spurs 92 a 91 nan kad semi final konferans de Lwès-la Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken an. San Antonio domine seri a 2 a 1. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch. Isit Washington Miami Heat pran yon avantaj 3 a 0 gras ak yon viktwa 102 a 95 yo ranpòte isit devan Washington Wizards. Shaquille O’Neal pat jwe rankont la akoz yon zòbòy yo pran nan pye.

Ben Wallace kap jwe nan Detroit Pistons nan tèt lis jwè ki seleksyone pou fè pati ekip Defans NBA a. Ça fè Wallace 4 trièm fwa li seleksyone pou resevwa onè a. Lòt jwè ki seleksyon pou fè pati ekip ideyal pou sezon an se Kevin Garnett kap jwe nan Minnesota Timberwolves, Tim Duncan ak Bruce Bowen kap jwe nan San Antonio Spurs epi Larry Hughes kap jwe nan WAshington Wizards. 30 antrenè basketball lig la seleksyone kandida yo.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou kar de final tounwa tenis Hamburg la gras ak yon swif li pase espayòl Tommy Robredo 6-2, 6-3 pou al rankontre ak arjanten Guillermo Coria ki elimine Kwat Mario Ancic 6-4, 6-3. Britanik Tim Henman tonbe devan arjanten Juan Ignacio Chela 2-6, 6-4, 6-2 pou l al rankontre ak arjanten Gaston Gaudio ki pat gen pwoblèm pou l elimine Belj Christophe Rochus 6-2, 5-7, 6-3. Franse Richard Gasquet, Rus Nikolay Davydenko, Italyen Filippo Volandri kalifye pou kar de final la. CN-141

Dopage

Palmantè yo isit Washington gen plis kesyon tès anti dopaj pou poze dirijan plizyè lig pwofesyonèl spòtif ameriken. Manb komite kongrè a vle pou gen lwa unik sou fason pou fè tès anti dopaj Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG