Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/6/05


Basketball

Chikago Bulls ap vinn isit Washington aswè a kote li gen pou-l rankontre ak ekip lokal la Washington Wizards nan kad 6 zièm rankont faz final la. Wizards yo ap domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt. Si Wizzards kale , lap pase pou 2e tou faz final la kote l pral rankontre ak sa nou ta ka rele “ La machine à gagner”, Miami Heat . Yè swa an deplasman Boston Celtics te bezwen pwolongasyon pou l kale Indiana Pacers 92 a 89 . Donk , seri a pat-pou-pat 3-3 . Donk pral genyen yon 7 tièm jou pou depataje yo. Menm ka pou Dallas Mavericks ak Houston Rockets . yè swa Dallas tonbe lakay Houston Rockets 101 a 83. Tracy McGrady des grands jours make 37 pwen , fè 8 rebon ak 7 pas ki make pwen. Epi yon nouvèl cho : Ta sanble ke Fil Jackson , antrenè lejandè ki ranpòte 3 tit NBA ak Chicago Bulls e Michael Jordan ta sou wout pou l reprann Los Angeles Lakers ki renmèt yon move sezon. Gen negosyasyon kap fèt ant Fil , 59 van e san klub ak mèt ekip la Jerry Buss. Nap suiv!

Football

Klub football Rus CSKA kapab tounen premye klub Rus ki ranpòte koup UEFA lè lap rankontre an final Sporting Lisbòn 18 Me kap vini la a nan Portugal. CSKA kalifye pou final la apre li elimine klub Italyen Parme ak yon viktwa 3 a 0 nan match retou a. Sporting Lisbon elimine klub Olandè AZ Alkmaar ak yon viktwa 3 a 2. Potugè yo kalifye sou gòl diferans. E se yon foul an lyès ak tanbou twonpèt, vaksinn ki tap fete depi yè swa ki akeyi jodi vandredi a nan Aewopò Lisbòn nan shoushou lokal yo. Pandansetan Parm depoze jodi vandredi a yon plent devan UEFA pou peta fanatik yo te voye gadyen-yo-a Lucca Bucci nan vil Moskou. Komisyon disiplin UEFA a ap panche sou ka a dimanch kap vini la a.

Isit Ozetazuni nan lig Football balonwon ameriken an Metro Stars ap akeyi San Jose Earthquakes. Chikago Fire ap fè yon kout pye lakay New England Revolution. D.C. United ap akeyi Columbus Crew. FC Dallas pral lakay Kansas City Wizards san bliye Chivas USA ak akeyi Real Salt Lake--2 nouvo venu nan lig la.

Tennis

Nan seri dè mèt Wòm nan , kalifikasyon pou veteran ameriken Andre Agassi (6) sou slovak Dominik R-Baty 2 sèt a 0 : 6-3, 6-3 . Espayòl David Ferer kalifye tou sou konpatriyòt-li Alberto Martin , 2 sèt a 1 : 6-2, 3-6, 7-5 . Gwo supriz jounen-yè a se eliminasyon tèt de seri numewo 1 konpetisyon-an ameriken Anddy Roddick ki pèdu devan espayòl Fernando Verdasco 2 sèt a 1.

Kay medam yo nan tounwa Berlen an ” Kar de final : suisès Patty Schnyder (7) elimine rus Svet-Lana Kuz-netsova an 2 sèt : 6-2, 6-2 . Nadia Petrova (6) , yon lòt rus kale Amelie Mauresmo (2) : 2 sèt a 0 : 6-2, 6-3 . Epi Rus Maria Sharapova pran yè jedi-a yon lòt etap pou vinn numewo 1 mondyal. Li kalifye pou kar de final apre viktwa-l sou chinwaz Shuai Peng an 2 sèt : 6-2, 6-1. Sharapova kapab pran numewo 1 mondyal-la nasn men amerikèn Linsay Davenport si li genyen tounwa a . Men pou rive nan semi final, li gen yon gwo resif kap tann ni ki se ansyen numewo 1 mondyal , bèlj Justine-Henin-Hardenne ki klase tou pou kar de final. Yon lòt ansyen numewo 1 mondyal , bèlj Kim Cliyters kite tounwa-a nan 3e tou-a akoz yon pwoblèm nan pye. Tounwa sa-a , se yon preparasyon pou tounwa Roland Garos la kap kòmanse 23 Me nan vil Pari.

XS
SM
MD
LG