Gouvènman ayisyen an rejte egzijans ansyen Premye Minis Yvon Neptune fè pou lajistis wetire tout akizasyon kap peze sou do l' pou yon masak ki te fèt nan yon vilaj tou pre vil Sen Mak sa gen plis pase yon lane. Msye Neptune te poze kondisyon sa a pou li te ka pati al resevwa sen aletranje, yon desizyon ki te deja pwovoke anpil kritik ni ann Ayiti ni aletranje. Korespondan nou Rotchild François Junior gen plis detay depi Pòtoprens.