Accessibility links

Breaking News

Pap Benwa XVI Fè Premye Diskou li Nan Rezidans Ofisyèl li a


Chèf legliz Katolik womèn nan, Pap Benwa 16, pwononse premye diskou li depi fenèt rezidans ofisyèl li a nan Vatikan, devan yon foul plis pase 40-mil peleren ki te rasanble sou Plas Sen Pyè a. Pap la mande respè ak diyite pou travayè toupatou nan lemond, nan okazyon Fèt Travay la. Pifò peyi nan lemond fete fèt sa a le 1er Me.

Souvren Pontif la te pwofite swete Kretyen òtodòks yo bon fèt Pak, epi li beni peleren ki te mase sou Plas Sen-Pyè a. Lepap di, "m' ap pale ak nou pou lapremyè fwa pandan m' kanpe nan fenèt sa a ke moun ki te la avan m' nan (Jan-Pòl II) te rann familye pou tèlman anpil moun atravè lemond. Peleren yo te manifeste anpil jwa pou moman sa a. Pap Benwa 16 deklare li gen espwa chimen kap mennen nan tèt-ansanm ant tout Kretyen sou latè, pral kontinye.

Ou kapab tande vwa Sen-Pè a si ou klike sou ralonj (lyen) ki anlè paj la.

XS
SM
MD
LG