Accessibility links

Breaking News

Etazini Reyaji sou Yon Nouvo Tès Misil Kore di Nò


Chèf pèsonèl Lamezon Blanch la (responsab prezidans la) Andrew Card, deklare sou televizyon CNN, sanble Kore di Nò tire yon misil kout pòte ki tonbe nan lanmè Japon, nan kad yon tès li tap fè. Men sa pa siprann Washington. Li di se pa premye fwa Nò-Koreyen yo fè tès misil, donk se pa yon sipriz. Kore di Nò te abandone chita-tande 6 peyi tap fè sou dosye nikleyè li a, nan mwa fevriye a.

Klike sou lyen anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj la ak deklarasyon Andrew Card.

XS
SM
MD
LG