Tennis
Tailandè Paradorn Srichaphan kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis BMW a kap dewoule nan Munik an Almay--yon match la pli te ranvwaye. Paradorn kale Olandè Peter Wessels an 2 manch 6-3, 6-4. Arjanten Juan Monaco te remonte yon defisi pou l kale alman Lars Burgmuller 7-5, 6-3.. Alman Tommy Haass, Rus Igor Andreev, Ostralyen Wayne Arthurs kalifye pou pwochen tou a.
Òganizatè tounwa tenis Wimbledon nan--2 zièm tounwa tenis Gran Shelem pou ane a, di prim pou tounwa ap plis pase 19 milyon dola pou ane a men gason yo ap toujou resevwa plis lajan ke meda m yo. Touna a kap kòmanse 20 Jwen pou l fini 3 Juyè ap gen yon ogmantasyon 3 pwen 9 pou 100. Dapre òganizatè yo venkè kategori maskulen an ap resevwa prèske 1 milyon 200 mil dola panke venkè kategori feminen an ap resevwa 50 mil dola an mwens. Venkè kategori maskulen Roland Garos la resevwa plis lajan ke medam pandan Open Ostrali ak tonwa Flushing Meadow a ofri mesye yo menm kantite lajan ak meda m yo.
Boxe
Match Bosk ki te gen pou dewoule ant boksè Ostralyen Anthony Mundine kont chanpyon Asosyasyon Mondyal Boks la, Danwa Mikkel Kessler, ranvwaye endefinitivman. Match la ki te supoze dewoule 11 Me nan Sidne ranvwye apre Nikkel Kessler pran yon shok nan do pandan li tap antrene nan Danmak.
Football
Federasyon Football Vyetnan nan siyen yon kontra ak otrichyen Alfred Riedl pou l antrene seleksyon nasyonal football peyi a pandan 3 pwochèn ane yo. Msye ranplase antrenè brezilyen Edson Tavares ki demisyone apre Vyenamyen yo elimine nan premye tou koup Tig la.
Milan A.C. ap akeyi PSV Eindhoven jodi a nan kad semi final ale tounwa Lig dè Chanpyon Europeyen-yon match kap sere/sere etan done klub Olandè a sot ranpòte tit pou sezon an.. Chelsea ap rankontre ak Liverpool nan lòt semi final la demen Mèkrdi a. Final la ap dewoule nan Istanbul 25 Me. Chelsea dwe tann juska Samdi pou l konnen si wi ou non lap ranpòte chanpyona premyè divizyon angle a apre Arsenal ranpòte 1 a 0 devan Tottenham. Viktwa ki mete Arsenal a 11 pwen dèyè Chelsea.-- Arsenal dwe ranpòte 4 dènye rankont ki manke pou chanpyona a fini pandan ak espwa pou Chelsea pèdu tout dènye 4 match yo-situasyon ki difisil men pa enposib.
Antrenè klub franse Nice, Gernot Rohr tounen 9 vièm antrenè ki pèdu djòb li nan chanpyona franse a pou sezon an. Responsab yo di rezon desizyon an se akoz movèz pèfòmans klub la renmèt. Nice, ki klase 17 tièm sou 20 ekip, prèske desann nan 2 zièm divizyon si ekip la pa amelyore pèfòmans li nan 4 dènye match ki manke pou sezon an fini. Gerard Buscher, kap antrene klub 2 zièm divizyon an, ap pran tèt ekip la jus nan fen sezon an.
Antrenè seleksyon football Alman an Juergen Klinsman fè konnen li ta renmen seleksyon Alman an ranpòte koup Konfederasyon an kap dewoule soti 15 pou rive 29 Jwen an Almay. 8 peyi kap patisipe nan mini koup du mond la se Arjantin, Almay, Ostrali, Tunizi, Brezil, Grès, Japon ak Meksik.
Yon lòt kote antrenè seleksyon Peru a, Brezilyen Paulo Autuori, renmèt demisyon nan tèt seleksyon an yè Lendi a. Msye Autuori fè konnen kondisyon pou mennen seleksyon an pa ranpli anplis de sekurite l ak tout fanmi l pa ausre-- Msye di li pran desizyon apre li te finn chita pale ak responsab federasyon football Peruvyen yo. Perou klase 7 tièm nan group Amerik du Sud la.
Basketball
Houston Rockets ranpòte yon 2 zièm viktwa devan Dallas Mavericks nan kad faz final NBA. Tracy MacGrady make 2 pwen mwens de 3 sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmèt Houston ranpòte viktwa a 113 a 111. 2 ekip yo ap rankontre Jedi nan Houston--Ekip ki ranpòte 4 viktwa nan seri 7 rankont la ap aklifye pou pwochen tou a. Nan Konferans de Lès-la Indiana Pacers bat Boston Celtics pou l mete seri 7 match ak yon viktwa patou. Reggie Miller make 28 pwen pou ede Pacers yo ranpòte yon viktwa 82 a 79. 2 ekip yo ap rankontre Jedi nan kad 3 zièm rankont la.
Faz final la ap rapousib jodi a lè Philadelphia 76eres pral rankontre ak Detroit Pistons epi Miami Heat fas a New Jersey Nets nan konferans de Lès-la. Nan konferans de Lwès-la Sacramento Kings ap jwe kont Seattle Supersonics. Miami, Detroit ak Seattle te ranpòte premye rankont nan seri 7 match pandan week-end nan.
Responsab yo nan Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken ap etudye plan pou kèk nan ekip kap evolye nan NBA a pase yon bon bout tan ap antrene sou kontinan Europeyen an. Responsabv la David Stern di lap rankontre jodi a ak majistra vil Wom Walter Veltroni [pou diskute sejou ak pwoblèm lojistik. Msye Stern di ant 3 a 4 ekip kapab pase juska 3 semen ap antrene sou kontinan Europeyen an kote yo kapab jwe 6 match chofe jarèt ak klub Lig basketball Europeyen avan yo retounen Ozetazuni pou jwe 2 lòt match chofe jarèt avan debu sezon an.