FIFA--Klasman
Republik Tchèk klase 2 zièm dèyè Brezil nan dènye klasman jeneral FIFA publiye mwa sa a. 77 match kalifikatif koup du mond ajoute ak kèk lòt match amikal brase klasman jeneral la pozitif ou negatif an favè yon seri de seleksyon nasyonal. Arjantin klase 3 zièm, la Frans klase 4 trièm, la Oland ak Angletè klase 5 kièm e 6 zièm. Espay pèdu pye pou yo tonbe an 7 tièm epi Meksik klase 8 tièm, Portugal klase 9 vièm epi Etazuni pataje 10 zièm plas la ak Itali. Ayiti klase 92 zièm.
Football
Footballè ameriken John Harkes, Tab Ramos, Marcelo Balboa elu pou fè pati koulwa selebrite footbalè ameriken yo. Seremoni an ap dewoule 29 Out nan New York. 3 footballè yo, ki tap evolye sou kontinan Europeyen, te patisipe nan lansman lig football balonwon ameriken an 1995.
Je zolempik
Responsab yo nan Komite Olempik Entènasyonal la anonse yap revize 28 disiplin spòtif je zolenpik yo pou konnen si yo ap ajoute ou byen elimine yon seri de konpetisyon pandan Asanble jeneral ki pral dewoule nan Sengapour an Juyè pwochen. Responsab yo ap etudye posibilite pou yo ta ajoute Golf, karate, Rugby, Squash ak Roller skate. Prezidan Komite Olempik Entènasyonal la Jacques Rogge di li toujou vle limite konpetisyon an ak yon total 28 disiplin--Kondisyon pou yon spò kontinye konsidere kòm spò Olempik li dwe jwen yon majorite sou yon total 117 vote--tout spò ki pa resevwa 51 pou 100 vwa pap prezan nan je zolenpik yo an lan 2012--nouvo disiplin nan bezwen 2 tyè majorite vwa a pou l konsidere kòm yon spò Olenpik.
Prezidan Komite Olempik Entènasyonal Jacques Rogge lanse avètisman bay 5 vil kandida pou òganize je zolenpik yo an 2012 pou yo pa mele nan yon gè pou atire favè Komisyon evaluasyon òganizasyon spòtif entènasyonal la plis bò kote yo. Responsab la di yap defere bay Komisyon Etik komite a tout pwopozisyon ou byen sugjesyon youn nan kandida yo ta fè men ki pat enklu nan dokuman ofisyèl vil la te soumèt bay responsab yo. Avètisman sa a lanse apre pwopozisyon Lond fè kote li di komite Olempik nasyonal ki patisipe nan je yo ap resevwa yon fon 50 mil dola pou ede yo kouvri frè enstalasyon spòtif pou antrenman atlèt yo. Responsab Lond yo pwomèt yon reduksyon ant 20 a 50 pou 100 nan yon seri de restoran, sinema ak magazen, sejou ak biyè davyon gratis pou fanmi atlèt paralenpik yo. Sa pa gen lonta New York te pwomèt pou l fè pwomosyon gratis pou spò ki pa twò popilè yo. New York ak Lond resevwa sa nou rele nan jargon football la yon katon jòn.
NBA
Viktwa 92 a 91 Chikago Bulls ranpòte devan New York Knicks pèmèt yo gen avantaj pou yo jwe pifò rankont nan premye tou a a domisil. Nan Cleveland Lebron James make 32 pwen--trape balon an 8 fwa e fè 6 pas ki make pwen pou ranpòte yon viktwa devan Boston Celtics 100 a 86--viktwa ki mete Cleveland Cavaliers a egalite ak New Jersey Nets pou dènye plas ki disponib nan konferans de Lès la. Cavaliers yo kapab kalifye si e sèlman si New Jersey Nets pèdu pwochen rankont la epi yo ranpòte la viktwa-New Jersey Nets kale Washington Wizards 109 a 101. Nan kèk lòt rankont Miami Heat danse sou Charlotte Bobscats 99 A 80. Detroit woule Atlanta 95 a 68. Toronto Raptors te fè anpil efò pou l kale Milwaukee Bucks 127 a 109. Seattle Supersonis tonbe devan Dallas Mavericks 101 a 96 epi Denver Nuggets te fè anpil efò avan li kale Portland Trail Blazers 119 a 115
Cyklisme
Meday Olempik ameriken Tyler Hamilton pran angajman pou l pwòpte dosye l apre Tribunal Spòtif Amerik du Nò a enpoze msye yon suspansyon 2 zan akoz li te teste pozitif. Komite a di tès pozitif sangen an se rezulta transfuzyon san yon lòt moun ki ogmante kantite selul wouj atlèt la e ki ba l plis andurans. Tyler Hamilton anplwaye yon avoka pou l kapab defann desizyon an nan tribunal spòtif dapèl la nan vil Lauzanne an Swis. CN-007 TRACK Òganizatè kous atletis klasik Oregon anule konpetisyon an akoz yo kapab jwen yon kooperasyon komèsyal pou patwone konpetisyon an. Fabrikan ekipman spòtif Alman Adidas te konn patwone konpetisyon an depi 1994. An Novanm 2004 Adidas te fè òganizatè yo konnen li pap kapab kontinye patwone tounwa Gran Pri Federasyon Atletik Amatè Entènasyonal la.
Boxe
Yon juj fè konnen responsab boks nan eta Tennessee dwe rekonsidere desizyon yo pran pou otorize ansyen chanpyon pwa lou ameriken Riddick Bowe batay nan eta a. Juj yo di responsab yo aji abitrèman san konsidere enfòmasyon medikal ki fè konnen Riddick gen pwoblèm nan sèvo--enfòmasyon ki disponib depi 2000.