Kloch sonnen Nan Vatikan, Konklav ki te reyini pou chwazi nouvo pap la, rive fè yon chwa aprè 2 jou deliberasyon: Kadinal alman Josef Ratzinger tounen 265èm Souvren Pontif, kidonk 264èm pap apre Sen-Pyè. Tousuit apre eleksyon an, li te chwazi non li: Benwa XVI (16).
Yon lafimen blanch te sòti jodi madi a nan chemine ki sou tèt Chapèl Sikstin nan, sa ki vle di 115 kadinal ki te ransable anndan an pou yo chwazi yon lot pap, te rive antann yo sou yon nouvo lidè pou Legliz Katolik Womèn. Kèk tan apre, yon kadinal te parèt sou balkon Vatikan, an fas Bazilik Sen-Pyè a, pou l te di an laten “Habemus Papam”, sètadi “nou genyen yon Pap”. Foul la te pran rele, bat bravo...Yo te plizyè milye ki te rete sou plas la depi yè lendi a pou yo te tann eleksyon nouvo Souvren Pontif la. Apre anviwon yon demi-èdtan, Pap Benwa XVI te parèt avèk rad espesyal li sou li, epi li te bay vil Wòm ak lemond premye benediskyon n'.
Nouvo pap la di "apre Gran Pap Jan-Pòl II, kadinal yo chwazi yon nonm senp, byen ba, kou wè li pou pozisyon elve sa a...li kontan konnen Bondye ka sèvi ak sila yo ki manke anpil bagay, men li konte sou Jezikri e Manman Mari bò kote l."
Josef Ratzinger te pran nesans nan Marktl, yon ti bouk peyi Almay ki gen apèn 2.700 abitan. Paran ni te kont rejim Nazi a. Li sot' gen 78 an, sa gen 3 jou.