Accessibility links

Breaking News

Legliz Katolik ap Chwazi Yon Nouvo Pap


Nan Vatikan, Kadinal ki fè pati gwoup kap chwazi nouvo chèf legliz la, nouvo Pap la, ap pare pou yo tanmen gwo reyunyon elektoral yo a, sa yo rele Konklav la, jodi lendi a.

Joaquin Navarro-Valls, pòt-pawòl Vatikan, konfime ke 115 kadinal ki reprezante 52 peyi ak 5 kontinan pral patisipe nan eleksyon 265èm souvren pontif la. Li fè konnen konklav la tanmen maten an ak yon mès ke tout kadinal yo ap kon-selebre. Nan apremidi, yap fè yon pwosesyon soti nan Sal Benediksyon palè apostolik la pou fini nan Chapèl Sixtine. Se la eleksyon pwochen Pap la pral fèt. Kiyès ki pral ranplase Jan-Pòl II?

Klike sou ralonj anlè tèks sa a pou yon repòtaj konplè sou dosye a.

XS
SM
MD
LG