Basketball
Pou la premyè fwa depi 1997 Washington Wizards kalifye pou faz final NBA a apre yo bat Chikago Bulls 93 a 82 isit Washington. Nap di Chikago Bulls deja gen tikè-l. Indiana Pacers kalifye tou gras ak yon swif yo pase New Jersey Nets 90 a 86. Nan kèk lòt rankont Charlotte Bobcats woule Atlanta Hawks 105 a 84. Detroit Pistons danse sou Orlando Majik 103 a 94. Boston Celtics ranpòte yon viktwa tou mens devan Milwaukee Bucks 111 a 108. Golden State Warriors tonbe devan Minnesota Timberwolves 116 a 100. Houston Rockets te fè anpil efò avan li kale Memphis Grizzlies 100 a 92. New Orleans Hornets fè bèk atè devan Denver Nuggets 116 a 102. Utah Jazz ranpòte yon viktwa de justès devan San Antonio Spurs 93 a 91. Dallas Mavericks fin pa gen rezon sou Seattle Supersonics 95 a 90.
Football
Klub football Angle Liverpool kalifye pou semi final chanpyona Lig football Europeyen an apre li fè match nul ak Juventus de Turen 0 a 0. Liverpool te ranpòte match ale a 2 a 1. Liverpool pral rankontre ak Chelsea ki kalifye malgre li te pèdu 3 a2 devan Bayern de Munich. PSV Eindoven kalifye pou semi final la apre yo bimen Lyon 4 a 2 sou tir de penalite apre tan reglemantè a te fini 1 a 1. Match ale a te fini 1 a 1 tou. PSV Eindoven pral rankontre ak Milan A-C ki elimine Enter de Milan.
Match ale semi final la ap demare 26 e 27 Avril epi match retou a fikse pou 3 e 4 Me. Final la ap jwe nan Istanbul an Turki 25 Me.
Nan Amerik du Sud Ekwatè tounen 3 zièm peyi nan Amerik du Sud ki pa aksepte jwe yon match amikal ak Brezil akoz li pap gen sèvis yon seri de jwè. Arjantin ak Urugwe te deja bay Brezil yon bwa long kenbe. Otorite spòtif Brezilyen yo di yo kontinye ap chache yon advèsè. Antrenè Brezilyen Carlos Alberto Parreira di li pap konvoke nan seleksyon an jwè kap jwe altranje tankout Ronaldo, Ronaldinho men lap seleksyone jwè nan klub lokal yo. Brezil gen pou rankontre ak Arjantin 7 Jwen nan Buenos Aieres nan kad match kalifikatif koup du mond Almay 2006 la pou zòn Amerik du Sud la.
Yon lòt kote klub Meksiken Pumas pase D.C. United yon rakle 5 a 0 nan kad match retou semi final Konkakaf dè klub Chanpyon ak vis Chanpyon. Pumas pral rankontre an final ak Klub Kosta Riken Deportivo Saprissa ki elimine klub Meksiken Monterrey 5 a 3 sou tir de penalite.
Tennis
Numewo 1 tenis mondyal feminen an ameriken Lindsay Davenport kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Sèk Familyal la kap dewoule nan Charleston, Karolin du Sud apr eli kale Kanadyen Marie Eve Pelletier 6-2, 6-2. Davenport pral rankontre ak Ukrenyen Viktoriya Kutuzova ki elimine Kolonbyen Fabiola Zuluaga 6-3, 6-1. Bèlj Justine Henine Hardenne te remonte yon defisi pou l kale Chinwaz Shuai Peng 6-2, 4-6, 6-4. Swis Patty Schnyder elimine Espayòl Marta Marrero 6-2, 7-5 pou l al rankontre ak Tchèk Klara Koukalova ki elimine Ostralyen Samantha Stosur 6-3, 6-3. Patisipan yo ap sèvi ak tounwa sa a kòm yon tounwa chofe jarèt avan yal patisipe nan tounwa tenis Roland Garos la- 2 zièm tounwa Gran Shelem pou ane a kap kòmanse nan vil Pari 23 Me.
Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou 3 ziém tou tounwa tenis Monte Carlo a gras ak yon swif 6-3, 6-4 li pase Espayòl Albert Montanes. Federer pral rankontre ak Chilyen Fernando Gonzales ki te bezwen 2 manch pou l elimine Kwat Mario Ancic 6-2, 7-6. Patisipan yo ap sèvi ak tounwa a kòm preparasyon pou tonwa tenis Roland Garos la kap kòmanse nan vil Pari an Frans 23 Me.
Atletisme
Kourè Kenyan Bernard Lagat pap patisipe nan chanpyona mondyal atletis la soti 6 pou rive 14 Out 2005 apre li naturalize ameriken. Lagat di li pran anpil tan avan li pran desizyon pou l chanje nasyonalite. Desizyon sa a bay federasyon Atletis Kenyan an kè sote akoz kantite atlèt kap adopte nasyonalite lòt peyi. Desizyon sa a fòse Minis Spò Kenyan an Ochilo Ayacko pwopoze pou arete epi ekspulse tout ansyen atlèt Kenyan ki vinn nan peyi a pou antrene. Msye Ayacko fè deklarasyon an pandan yon reyunyon lite genyen ak Konfederasyon Atletis Afriken an. Pami atlèt ki chanje nasyonalite yo nou jwen Stephen Cherono ki pran nasyonalite Katar an Out 2003. Msye chanje nonn pou l rele Saif Saaeed Shaheen Sa pa gen lontan Konsèy Federasyon Entènasyonal Atletis la ki te reyuni nan Doha, Katar te deside yon atlèt ki chanje nasyonalite l dwe tann 3 zan avan li reprezante nouvo peyi dadopsyon an. Periòd la kapab redui a 12 mwa si federasyon 2 peyi yo siyen yon akò antre yo.