Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Lidè Mande L'ONU ak Lapolis Kontinye Demantibile Gwoup Ame Ilegal yo


Yon responsab politik ann Ayiti mande la polis ak solda Nasyonzini yo pou yo kontinye operasyon sere boulon yap mennen kont nèg ame kap simen ensekirite, yon fason pou lapè retounen nan kapital la, Pòtoprens. Korespondan nou Renan Toussaint gen detay.

Nan Gonayiv, Duc Jonathan Joseph fè nou konnen san kontinye koule nan Vale Latibonit la akòz pwoblèm tè ant peyizan ak gran don.

Anfen, nan rejyon Nò a, lapolis nan Kap-Ayisyen (dezyèm pi gran vil peyi d Ayiti) ap chache plizyè moun ki ta mele nan zak dappiyanp k'ap fèt nan vil la. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin di nou 3 polisye anba kòd nan kad operasyon otorite yo lanse depi kèk jou pou mete yon fren nan anlèvman-pou-ranson sa yo.

Ou ka tande 3 repòtaj sa yo, ak entwodiksyon Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes si ou klike sou ralonj (lyen) ki tèks sila a.

XS
SM
MD
LG