Football
Abit alman otorite yo te arete akoz li tap plede fè koken pou pèmèt yon seri de klub ranpòte la viktwa libere prèske yon mwa aprè li te fèmen nan yon prizon nan vil Bèlen. Dominik Marks depoze yon fon lajan ak paspò l kòm garanti pou liberasyon an.
Yon lòt kote konpayi Japonè Sony siyen yon akò kooperasyon ak FIFA. Dapre antant la FIFA dakò pou l bay konpayi Japonè a patwonaj ofisyèl plis pase 40 konpetisyon òganizasyon spò entènasyonal la òganize. An retou Konpayi Sony dakò pou l peye FIFA 305 milyon dola ak lòt asistans teknik pandan dewoulman konpetisyon yo.
Nan kar de final Lig chanpyon ki te jwe yè madi a , PSV Eidoven rache yon match 1-1 devan Lyon li-menmm ki tap jwe lakay li an Frans. Se yon koup du pou lyonè yo sutou yo pran gòl-la nan arè-d-jeu. Donk, nan match retou a, Lyon dwe absoluman make si l vle kontinue avantur Lig chanpyon an. Nan lòt kar de final-la ki te gen yon aspè istorik e tris , Jouventous de Turin an deplasman pèdu 1-2 devan Liverpool . E nan okazyon an , yo rann yon omaj emouvan pou 39 moun ki te mouri 29 Me 1985 nan okazyon final Koup dè chanpyon ant 2 klub yo, sa gen 20 tan. Michel Platini ki te patisipe nan final la nan epòk la te prezan nan seremoni an. Kar de final yo ap kontinue jodi a ak 2 afich enteresan :Tchelsea ap resevwa Bayern de Munik, epi duèl milanè a kap mete fas-pou-fas Milan AC ak Inter de Milan nan San Siro. Final Lig Chnapyon an se pou 25 Me nan Istanboul.
Semi final Konkakaf dè klub chanpyon-an ak vis chanpyon-an ap demare jodi Mèkredi a lè D.C United ap akeyi Pumas du Meksik , epi Deportivo Saprissa kont CF Monterey. Match retou a ap jwe le 13 Avril.
Atletisme
Federasyon Atletis Hongwa a re-enpoze yon entèdiksyon 2 zan sou kont atlèt Robert Fazekas ak Adrian Annus--2 atlèt ki te ranpòte meday dò nan Je zolempik Atè n 2004 yo men te pèdu meday yo apre yo te teste pozitif pou uzaj anabolizan.
Basketball
Baylor Univèsity suprann tout pwonostik pou l kale Michigan State 84 a 62 pou l ranpòte final chanpyona nasyonal basketball feminen an ki tap dewoule nan Indianapolis.
Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa de justès 104 a 102 devan devan Charlotte Bobcats gras a yon basket Shaun Livingston make 1 sekond avan fen tan reglemantè a.Isit Washington Boston Celtics te fè tout sa li kapab pou l kale Washington Wizards 116 a 108. Nan Atlanta New Orleans Hornets kale Atlanta Hawks 96 a 86. Nan lòt rankont Golden State Warriors danse sou Houston Rockets 122 a 117. Miami Heat pilon-nen Chikago Bulls 104 a 86.
Tennis
Nan tenis kay medam yo, Ameriken Lindsay Davenport pase Porto Riken Kristina Brandi 2 kout rakèt 6-4, 6-3 pou l pase nan 3 zièm tou tounwa tenis kap dewoule nan Zile Amelie yo. Venus Williams pase pou 3e tou a tou apre li ekspedye slovak Martina Sucha an 2 sèt : 6-0, 6-1. Lòt kalifye ankò se rus Elena Likovseva , italyèn Silvia Farina Elia ak espayòl Virginia Ruano Pascual.
Nan okazyon premye tou Open Valans la , tèt de seri konpetisyon an rus Nikolay Davydenko tonbe devan an 3 sèt devan espayòl Albert Costa kap gen pou jwe nan 2e tou-a ak ostralyen Stefann Kourbek. yon lòt kote, Alberto Martin, ki elimine Albert Montanes, ap rankontre ak nan 2e tou ak brezilyen Gustavo Kuerten ki retounen apre 6 mwa akoz yon operasyon. Rafael Nadal ki sot kale Federer nan final tounwa Key Biscayne nan ap jwe demen ak konpatriyòt li Juan Carlos Ferero.