Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/5/05


Football

Unyon Football Europeyen an mande klub yo pou obsève yon minit rekèyman nan onè defen Pap Jean Paul II nan okazyon rankont kar de final Lig dè chanpyon Europeyen an kap dewoule jodi a a demen. An palan de kar de final football pral woule sou kontinan Europeyen jodi a nan kad kar de final Lig dè Chanpyon an. Rankont ki pral atire atansyon obsèvatè yo se match kap mete bab pou bab Juventus de Turen fas ak klub angle Chelsea--2 ekip kap rankontre pou la premyè fwa depi 20 tan lè deblozaj te pete ant fanatik 2 ekip yo e ki te lakoz 39 moun mouri. Nan lòt rankont PSV Eindoven fas a Lyon. Mèkredi Milan AC pral mate balon fas a Inter de Milan. Komite Nasyonal Olenpik Italyen an ranvwaye tout aktivite spòtif ki te fikse pou Vandredi.

Toujou nan football Federasyon Football Angle a entèdi fotbalè Lee Bowyer ak Kieron Dyer kap jwe nan Newcastle apre yo te mare batay nan okazyon rankont klub la te genyen ak Aston Villa--yon rankont Newcastle te ranpòte 3 a 0. Abit la te mete tou 2 belijeran yo deyò pandan rankont la. Bayer ap purje yon suspansyon 4 match epi Dyer resevwa yon suspansyon 3 match. Newcastle te pran pozisyon an favè Dyer men yo pèdu apèl yo te fè devan otorite Football yo. Yè Lendi a Newcastle te frape Bowyer yon amand prèske 400 mil dola. 2 mesye yo kalifye pou jwe kar de final Newcastle gen pou jwe kont Sporting de Lisbòn Jedi akoz entèdiksyon konsèse sèlman yon match nan lig la. 2 belijeran yo ap rate semi final koup Federasyon an kont Manchester United 17 Avril.

Semi final Konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon ap demare demen Mèkredi a lè D.C United ap akeyi Pumas du Meksik epi Deportivo Saprissa kont CF Monterey. Match retou a ap jwe le 13 Avril. Trinidad and Tobago ak Kosta Rika gen yon nouvo antrenè apre movèz pèfòmans seleksyon yo renmèt nan 2 premye rankont ekzagonal final eliminatwa koup du mond Almay 2006 la.

Tennis

Chanpyon tounwa tenis Wimbledon nan Rus Maria Sharapova pap fè pati ekip tenis Rus kap akeyi Itali nan fen mwa a. Sharapova di pami rezon ki justifye desizyon an se yon kalandriye chaje li genyen nan Asosyasyon Tennis Feminen an. Toujou nan tenis numewo tenis mondyal feminen an ameriken Lindsay Davenport ap retounen sou teren tenis la aswè a pou l defann tit li te ranpòte nan tounwa tenis Bausch and Lonb la kap dewoule nan zile Amelya yo nan eta Florid.

Basketball

University North Carolina ranpòte chanpyona nasyonal basketball Univèsitè yo kategori maskulen gras ak yon viktwa supriz yo ranpòte devan Illinois 75 a 70. Tarheels yo domine rankont la depi nan kòmansman match la juskaske Illinois egalize prèske nan fen 2 ziém mitan an. Illinois pèdu yon sèl match pandan sezon regulye a . La polis fè plizyè arestasyon nan Durham apre fanatik yo te mete dife pou selebre viktwa univèsite a ranpòte. Aswè a Baylor, revelasyon tounwa basketball pou meda m yo, ap rankontre ak Michigan State.

Basketè Brezilyen Hortencia Marcari figure pami 5 atlèt seleksyone pou fè pati koulwa selebrite a. Hortencia te ede Brezil ranpòte chanpyona du mond basketball feminen an an 1994 e li ranpòte 9 tit entènasyonal.

Atletisme

Tribunal Abitral Spòtif la nan Lauzanne konfime sanksyon 2 zan federasyon atletis franse a te pran kont kourè Fouad Chouki ki te kontwole pozitif nan okazyon chanpyona mondyal atletis ki te dewoule an Frans an lan 2003. Kourè Etyopyen Haile Gebrselassie pap patisipe nan maraton Lond la 17 Avril kap vini la a akoz yon blesu nan pye goch li.

XS
SM
MD
LG