Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/4/05- dènye nouvèl


Basketball Univèsitè

Se aswè a final chanpyona nasyonal basketball Univèsitè yo ap dewoule nan Saint Louis Missouri ant Illinois ak North Carolina.

Bò kote meda-m yo demen Madi a final la ap dewoule nan Indiana ak yon surpriz Baylor fas a Michigan State. Baylor suprann Louisiana State ak yon viktwa 68 a 57 pandan ke Michigan State remonte yon defisi pou l kale Tennessee 68 a 64.

Football

Chanpyona nasyonal balon ameriken an demare pandan weekend nan ak chanpyon sòtan an D-C United ki woule Chivas USA ak yon viktwa 2 a 0. FC Dallas ranpöte yon viktwa 2 a 1 devan Chikago Fire. Colombus Crew tronse Galaksi 3 a 0. New England Revolution fè match nul ak San Jose Earth Quake 2 a 2. Kansas City Wizards ranpòte yon viktwa 3 a 2 devan Colorado Rapids. Metro Stars fè matc nul 0 a 0 ak Real Salt Lake

Kar de final Chanpiona League Football ap dewoule sou kontinan demen Madi. Rankont ki pral atire atansyon obsèvatè yo se match kap mete bab pou bab Juventus de Turen fas ak klub angle Chelsea--2 ekip kap rankontre pou la premyè fwa depi 20 tan lè deblozaj te pete ant fanatik 2 ekip e ki te lakoz 39 moun mouri. Nan lòt rankont PSV Eindoven fas a Lyon. Mèkredi Milan AC pral mate balon fas a Inter de Milan. Chanpyona nasyonal chinwa a demare ak yon mwa an reta.

Tennis

Swis Roger Federer ranpòte tounwa tenis Key Biscayne an 5 manch malgre espayòl Rafael Nadal te fè l monte yon maswife 2-6, 6-7,7-6,6-3,6-1 pandan 3 heures-d-tan 42 minit. Sa fè Federer 18 tit li ranpòte depi sezon 2003 ak 22 viktwa youn dèyè lòt. Bò kote medam yo ameriken Lindsay Davenport nan tèt klasman jeneral la answit nou jwen franse Amelie Mauresmo, Maria Sharapova, Serena Williams, Elena Dementieva, Anastasia Myskina, Svetlana Kuznetsova, Venus Williams, Alicia Molik, Vera Zvovareva konplete lis 10 meyè jwè tenis mondyal feminen.

Sezon tenis sou glasi demare jodi a an Espay ak viktwa Brezilyen Gustavo Kuerten ranpòte devan Belj Olivier Rochus 6-2, 6-4.

Atletisme

Kourè Kenyan Paul Kumugul ranpòte semi-maraton Berlen an ke li kouvri an 1 hè 1 minit-4 sekond. Bò kote meda-m yo Alman Luminita Zaituc te kouri plis pase pas Sud Koreyen Lee Uen-jeong.

Cyclisme

Siklis Bèlj Tom Boonen ranpòte etap final kous bisiklèt Tour Beljik la malgre prezans ameriken Lance Amstrong ki ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 6 fwa afile. 9

Natation

Najè ameriken Michael Phelps ranpòte konpetisyon 100 mèt papiyon an ki tap dewoule nan Indianapolis e kalifye pou chanpyona mondyal natasyon ki gen pou dewoule nan Montreal Canada. Sa fè Michael Phelps 4 trièm eprèv lap gen pou patisipe apre li te kalifye pou kous 200 mèt, 400 mèt naj lib ak relè 800 mèt lib. Michael Phelps kapab ogmante chans li jodi lè eliminatwa ameriken yo ap rapousib. CN-004 NBA Philadelphia 76ers fè yon pa an avan pou l kalifye pou faz final apre 13 rankont ki jwe yè Dimanch la nan

NBAa.

Allen Iverson make 38 pwen nan viktwa tou mens 97 a 93 76ers yo ranpòte devan Boston Celtics--viktwa ki bay Philadelphia 76ers 2 match an plis devan Orlando pou 8 tièm plas la nan konferans de Lès-la. Washington Wizards tonbe devan Indiana Pacers 79 a 76 malgre Gilbert Arena make 22 pwen an favè Wizards yo. Milwaukee Buks ranpòte yon viktwa tou mens devan New York Knicks 106 a 102. Minnesota Timberwolves danse sou Sakramento Kings 112 a 100. Lebron James make 37 pwen nan rakle 100 a 80 Cleveland Cavaliers pase Dallas Mavericks. Chans pou Toronto Raptors kalifye pou faz final la kontinye diminye apre defèt yo subi devan Detroit Pistons 113 a 103. Atlanta Hawks tonbe fas anba devan Los Anjeles Clippers 111 a 91. Golden State Warriors te fè anpil efò avan li kale Seattle Supersonics 101 a 92. Phoenix Suns bay Houston Rockets yon bwa long kenbe 91 a 78. Kobe Bryant pran yon zòbòy nan pye nan defèt 102 a 82 Lakers yo subi devan Memphis Grizzlies.

Boxe

Boksè pwa leje Japonè Katsunari Takayama kourone kòm nouvo boksè Konsèy Mondyal Boks la apre viktwa alunanimite li ranpòte devan boksè Meksiken Isaac Bustos

XS
SM
MD
LG