Accessibility links

Breaking News

Minustah Lanse Yon Avètisman Sevè Bay Patizan Lavalas Ki Atake Twoup Li yo


Kòmandan twoup mentyen lapè Nasyonzini (Minustah) ki Ayiti yo, Jeneral Augusto Heleno Ribiero, lanse yon miz' an gad kont Chimè Lavalas ki te atake sòlda l'ONU yo pandan yon manifestasyon nan kapital alokazyon 18tyèm anivèsè Konstitisyon 29 mas 1987 la. Jeneral Heleno Ribiero denonse konpòtman "anti-demokratik e inakseptab patizan Lavalas yo" li di ki pa vle wè avni Ayiti.

Chèf Minustah a di "li lè pou yo koumanse puni moun sa yo e twoup li yo pa pral tolere ankò kalte aksyon sa yo".

Yon lòt kote, patizan ansyen rejim Lavalas la nan vil Kap-Ayisyen, deklare "eleksyon pa posib an'n Ayiti si Jean-Bertrand Aristide pa ka retounen nan peyi a". Epi nan Gonayiv, yon reprezantan sektè prive a gen dout sou reyisit pwosesis elektoral la akòz klima ensekirite ki blayi preske toupatou sou tèritwa ayisyen an.

Jean L. Desmarattes ak Marie-Luce Pierre pral prezante'n prensipal nouvèl sa yo nan yon "vire-won" avèk korespondan Sèvis Kreyòl la: Rotchild François jr., Yvan Martin Jasmin ak Duc Jonathan Joseph.

Ale sou ralonj anlè atik sa a pou n' koute devlopman korespondan yo.

XS
SM
MD
LG