Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/25/05


Basketball

Defèt 117 a 96 Los Anjeles Lakers subi devan Denver Nuggets, mete yo anba dlo apre yo subi 7 tièm defèt afile yo nan NBA a--defèt ki mete yo ak 5 pwen edmi dèyè Denver Nuggets pou 8 tièm e dènye plas ki disponib nan Konferans de Lwès la. Charlotte Bobcats woule Orlando Majik 108 a 94. Washington Wizards suprann Utah Jazz ak yon viktwa 85 a 84.

Chanpyona nasyonal basketball Univèsitè yo te rapousib yè Jedi a ak kèk supriz. Arizona elimine Oklahoma 79 a 78 pou al rankontre ak Illinois ki li menm elimine Wisconsin-Milwaukee 77 a 63. West Virjnya kale Tekzas Tek pou l al rankontre ak Louisville ki elimine University Washington--Venkè rankont sa yo ap ranpòte chanpyona rejyonal e kalifye pou semi final nasyonal ki pral dewoule nan Saint Louis.

Football

Balon pral woule Week-end nan zòn KONKAKAF la pou 2 zièm jounen eliminatwa koup du mond Almay 2 mil 6 la. Youn nan rankont sa yo Etazuni fas ak Meksik. Meksiken yo ap resevwa Etazuni nan stad Azteka ki konstrui nan yon mön kote pa gen rate oksijèn. Etazuni poko janm Meksik nan stad sa-a. Antrenè seleksyon ameriken Bruce Arena di ti msye Tonton Sam yo konnen avantaj bab e moustach Meksik genyen a domisil.

"Ou kapab lye stad Meksik la ak stad Bolivi nan La Paz san bliye yon lòt stad ki konstrui an altititud ki se yon avantaj pou seleksyon lokal la. Nan 30 dènye ane yo seleksyon Meksik la kapab pèdu kèk match sèlman nan stad Aztèk la. "

Pi bon rezulta Etazuni renmèt nan rankont li jwe ak Meksik nan stad Aztèk la se yon nul ak 21 defèt. Seleksyon ameriken an pral jwe rankont ak yon lòt avantaj nan 8 dènye rankont ki jwe ant 2 belijeran yo Etazuni ranpòte 6 landan yo.

"Sètènman seleksyon Meksiken an se yon bèl ekip. Yo figure pami 10 meyè ekip mondyal yo. Nap rankontre ak yon nan youn nan pi gran stad mondyal. Malgre sa se yon match football. Se advèsè sa a kap kouche ankwa pou anpeche n kalifye pou pwochen koup du mond la. Se yon veritab defi nou dwe leve."

Gwatemala ap akeyi Trinidad and Tobago epi Kosta Rika ap akeyi Panama. Apre match Dimanch la Etazuni ap rankontre ak Gwatemala nan Birmingham Alabama le 30 Mas, Trinidad and Tobago ap resevwa Kosta Rika epi Panama ap akeyi Meksik.

Abit Alman ki nan sant eskandal football peyi di nèg kap parye sou rankont football yo konnen alavans non abit ki pral abitre match Lig dè chanpyon Europeyen ak lòt rankont entènasyonal. Robert Hoyzer ki rekonèt te pran lajan anba tab pou l detèmine venkè yon rankont, deklare bay anketè lè wè lis abit nan yon machin ki se pwopriete yon boutik 3 frè kwat ap dirije e 3 frè sa yo nan tèt rezo kap parye sou match football. Nouvèl sa a kreye pwoblèm nan mitan mamb UEFA akoz se sèlman 11 manb komisyon dabritraj la ak responsab abit yo ki ta dwe konnen alavans non abit yon rankont. Komisè gouvènman Berlen an ap akete sou 25 moun pami yo 4 abit ak 14 footbalè ke yo sispèk ki ta fè magouy nan 10 rankont pou pipiti patikilyèman nan divizyon ki pi ba.

Seleksyon kadè ameriken an pèdu 1 a 0 devan Kore du Sud nan kad tounwa International Jè-n kap dewoule an Kore du Sud.. Arjantin woule Ejipt 4 a 0. Demen Samdi a Etazuni ap rankontre ak Ejipt epi Arjantin pral mate balon fas a Kore du Sud.

Siklis

Òganizatè kous bisiklèt Tour Kalifòni espere konpetisyon an pral grandi pou l rive nan menm nivo ak Tour de Frans la. Dapre plan òganizatè yo prevwa kous la ap kòmanse nan nò Kalifòni pou l fini nan Sud an 8 etap kap kouvri yon distans 1100 kilomèt. Komite òganizatè a espere yon milyon moun pou pipiti ap asiste konpetisyon an ki ta dwe dewoule nan yon dat pou atire patisipasyon meyè siklis sou tè a.

XS
SM
MD
LG