Accessibility links

Breaking News

Spo Aktyalite 3/23/05


NBA

Nan yon rankont gason pa kanpe Tracy McGrady make 26 pwen pou ede Houston Rockets ranpòte yon viktwa de justès devan Miami Heat 84 a 82--viktwa ki mete fen nan 12 viktwa afile Heat yo sot ranpòte. Nan Cleveland Lebron James make 29 pwen nan rakle 91 a 76 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Detroit Pistons. New Jersey Nets ogmante kantite viktwa afile pou sezon an apre li kale Indiana Pacers 98 a 91. Denver Nuggets pilon-nen Washington Wizards 127 a 98. Los Anjeles Lakers tonbe devan Utah Jazz 115 a 107. Sacramento Kings mache sou Portland TrailBlazers 112 a 93.

Antrenè basketball Univèsite Temple John Chaney ap kontinye antrene ekip la pou yon lòt ane malgre ensidan kote msye te pase yon jwè lòd pou l fè bosal ak yon jwè nan ekip advès la ki tap byen men-nen.

Football

Antrenè seleksyon nasonal Angle a Sven-Goran Eriksson defann desizyon pou l vinn jwe 2 rankont chofe jarèt isit Ozetazuni pandan mwa Me a imedyatman apre fen sezon an. Ericksson di jwè yo gen chwa pou patisipe ou non nan toune a.

Komite Ekzekutif Konfederasyon Football Azyatik la aksepte alunanimite pou Ostrali vinn manb Konfederasyon Azyatik la soti nan zòn Oseyani. Pami rezon otorite spòtif Ostralyen yo eksplike se difikilte pou yo kalifye pou yon koup du mond akoz yo dwe jwe yon match de baraj ale/retou ak peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud . Dènye fwa yon peyi nan zòn-nan te kalifye pou koup du mond la se te an 1974. Responsab Federasyon Nouvèl Zeland la di avèk prezans Ostrali nan Federasyon an yo te fèb---kounye yap vinn pi fèb toujou.

Boxe

Ansyen chanpyon boks mondyal Julio Cesar Chavez ap soti nan retrèt li pou l mare batay ak ameriken Ivan Robinson nan Los Anjeles. Òganizatè rankont la di li Chavez deja gen garanti lap touche 200 mil dola pou rankont la pandan ke Robinson ap resevwa 60 mil dola pèt ou gany.

Atletisme

Prezidan Honorè Federasyon Atletik Grèk la demisyone an siy de pwotestasyon apre responsab yo blanchi kourè Costas Kenteris ak Ekaterini Thanou ki te anba akuzasyon yo ta vyolen règleman anti dopaj yo.

Cyclisme

Se demen Jedi a chanpyona du mond siklis la ap demare nan Los Anjeles.

XS
SM
MD
LG