Accessibility links

Breaking News

Vizite Yon Sit Web Pou Moun Ki Deprime


Malgre efò pwofesyonèl lamedsin yo fè, gen anpil ki kontinye kwè ke depresyon se yon siy feblès, yon defo nan karaktè yon moun. Yon aktris amerikèn ki ranpòte gwo distenksyon deja (nou vle pale de Lorraine Bracco) pèmèt piblik la genyen aladispozisyon n kounye a, antouka nou-menm ki gen aksè sou Entènèt, sit depressionhelp.com.

Lorraine Bracco te vin selèb pou bèl pèfòmans li te remèt nan “long-métrage” Goodfellas, yon film mafia. Men moun plis konnen manmzèl pou wòl psikyat li jwe nan seri televize “The Sopranos” sou chèn HBO. Sa pa gen lontan, miss Bracco te anonse ke pandan li tap fè counseling ak yon mafioso nan televizyon an, li te sibi yon atak depresyon. Iwoni an sè ke pandan lontan Lorraine Bracco pat chache èd yon psikyat; anfèt, li pat menm vle admèt, pou kont pa li, ke li te deprime, malgre tout sentòm li te wè.

Li di li te tris. Pafwa li te konn gad’ nan glas epi wè yon vizaj ki pat kontan ditou. "Je m’ pat klere. Se yon figi blèm. Nan nanm ni, li te pèdi tout jwa, malgre nan sèten pwen, bagay yo te sanble ap mache byen pou li. Sa se aspè pi danjre a. M’kwè sa diferan pou chak moun. Gen moun ki plonje nan yon kò kraz alekstrèm. Gen moun ki kriye souvan. Genyen ki pèdi somèy. Gen lòt ki ankòlè. Pou chak moun, gen sentòm diferan. Nan ka pa m’ nan, se kòmsi m’te fèmen nan yon bwat, mwen te rete la anplas e mwen pat ka fè yon pa."

Kolaboratris nou Barbara Klein mande Lorraine Bracco ki sa k’fè li te reyalize li bezwen èd. Lorraine reponn, yon zanmi li, ki te travayè sosyal, te di l li ta bon pou li konsilte yon doktè, yon psikyat, e kòmanse pran medikaman. Men aktris la te kwè si li fè egzèsis, byen manje, pitit li trè byen, tout bagay o.k. anfen, li te twouve tout pretèks pou l’pat fè anyen. Yon ane pita, li di yon vwa te pale nan tèt li e lè sa a li te pran desizyon chache asistans medikal. Jounen jodi a, li vle ede tout moun ki ta soufri ak depresyon, pou yo pa mize konsa anvan yo chache èd.

Lorraine kwè sit web la itil anpil. Li di, “pandan yon lane, mwen te soufri pou granmesi. Mwen pat enfòme sou medikaman ki te egziste. Nan lide pa m’ depi yon moun te kòmanse pran medikaman pou depresyon, li tapral oblije pran n’ nèt ale. Mwen te mal konprann paske se pa vre. Ou ap rete sou preskripsyon an pandan mezi tan ou bezwen n’. Pa plis ke sa.

Aktris la di sa sit la ap ajoute sou eleman ki disponib deja nan domèn sa a se pèmèt nenpòt moun ale sou Entènèt la e li tout sa l’ap pale la a, jwenn tout enfòmasyon, ki ka ede li ak maladi depresyon. Gen yon ti kesyonè moun ka reponn pou yo wè si yo dwe al’ wè yon medsen. Gen ti konsèy sou jan pou yo apwoche medsen an, jan pou yo pale avè l’. Aktris Lorraine Bracco mete ansanm ak konpayi famasetik Pfizer pou li lanse sit web sa a.

Men yon chimen dekoupe pou w'al sou sit depressionhelp.com nan. Fè klik la a!

XS
SM
MD
LG