Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/16/05


NBA

Dwayne Wade make yon 2 pwen nan dènye sekond tan reglemantè-a pou pèmèt Miami Heat rache yon viktwa de justès fas a New York Knicks 98 a 96--viktwa ki pèmèt Miami Heat tounen premye ekip ki kalifye pou faz final NBA a ak 50 viktwa 15 defèt. Allen Iverson make 36 pwen nan viktwa 108 a 91 Philadelphia 76ers ranpòte devan Los Anjeles Lakers--defèt ki fè Lakers yo ap tren-nen ak yon match an mwens dèyè Denver Nuggets pou kalifye pou faz final la. Cleveland Cavaliers tronse Utah Jazz 92 a 73. Aswè a Washington Wizards ap rankontre ak Atlanta Hawks.

Bò kote Univèsitè yo Oakland elimine Alabama A and M pou yo kalifye pou tounwa nasyonal Univèsitè yo kap kòmanse demen Jedi a ak tèt de seri rejyonal Washington, Illinois, North Carolina ak Duke. Oakland ap rankontre ak North Carolina Vandredi.

Football

Inter de Milan elimine chanpyon sòtan Lig dè Chanpyon Europeyen F-C Porto ak yon swif 3 a 1 gras a 3 gòl brezilyen Adriano make e ki pèmèt Itali gen 3 klub ki kalifye pou kar de final la.

Seleksyon football feminen ameriken an kale Danmak 1 a 0 pou l ranpòte pou yon 3 zièm ane afile koup Algarve la ki tap dewoule nan Portugal. Jodi a nan Jamayik match retou chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon ant D-C United ak Harbour View. D-C United te ranpòte match ale a 2 a 1. Etazuni ap rankontre ak Angletè le 28 Me nan kad preparatif pou eliminatwa koup du mond zòn KONKAKAF la avan yal rankontre ak Kosta Rika le 4 Jwen epi Panama le 8 Jwen.

Venezuela Federasyon football Venezuela a rezoud yon diskusyon elektoral ki te prèske kapote seleksyon an de tout aktivite entènasyonal. Alejandro Sanchez Martorelli abandone efò li tap fè pou l te non-men nan tèt federasyon an apre li te ale nan tribunal pou l te mande ogmantasyon kantite manb federasyon an. Règleman FIFA entèdi federasyon ale nan tribunal pou rezoud pwoblèm entèn. FIFA mande pou eleksyon yo dewoule 19 Mas--eleksyon si -l pa fèt ap konplike situasyon Venezuela nan eliminatwa koup du mond Almay 2006 pou zòn Amerik du Sud la. Venezuela, ki gen pou rankontre ak Kolonbi 26 Mas epi Bolivi 29 Mas, klase an 9 vièm pozisyon ak 13 pwen dèyè Paragwe ak Ekwatè.

13 manb komite evaluasyon Komite Olempik Entènasyonal la vizite prèske 2 douzèn enstalasyon spòtif nan vil Moskou -youn nan kandida pou òganize je zolempik dete yo an lan 2012. Komite Olempik ap anonse vil òganizatè a le 6 Juyè nan Sengapour.

XS
SM
MD
LG