Accessibility links

Breaking News

Ti Koze sou Aktyalite: Haiti Justice / Neptune 3/12/05


Ansyen Premye Minis Yvon Neptune ap resevwa swen nan yon lopital militè arjanten nan Pòtoprens kèk semen apre li te kòmanse yon grèv grangou pou fòse gouvènman Boniface/ Latortue a libere l. Aksyon sa a fèt nan moman plizyè palmantè ameriken mande otorite yo swa akuze ansyen chèf gouvènman Pati Fanmi Lavalas ou byen libere l. Ki pozisyon juris ayisyen yo sou dosye msye Neptune nan? Se pami pwen nou te diskute ak 2 avoka ayisyen: Martine Chevalier ak Jean Joseph Exume kap swiv dosye a. Ale sou lyen ki anlè atik sa a pou tande Edisyon Ti Koze sou Aktyalite Samdi 12 Mas la avèk Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG