Deba kap fèt sou 10 kòmandman yo te domine aktivite pi gwo tribinal Etazini an, Lakou Siprèm, lè majistra yo te gen pou yo tande 2 kan nan mwa fevriye 2005 la, youn ki konsène ekspozisyon dokiman sakre sa a nan eta Tegzas ak yon lòt ki soti nan eta Kentucky. Nan Tegzas, gen yon moniman ki devan lokal palman an, nan vil Austin, depi 1961, yon moniman ki gen 10 pawòl yo grave sou li. Nan ka Kentucky a, sa tribinal la ap konsidere se kopi Dekalòg la ki ankadre e ke responsab lokal yo te plase sou panno 2 tribinal an 1999.
Moun ki pa dakò pou 10 kòmandman ekspoze an piblik nan batiman leta, deklare sa vyole manman-lwa Etazini ki entèdi gouvènman an pou l’ta soutni, pou l’ta apiye yon relijyon kèlkonk. Pa bliye ke dapre Jwif yo ak Kretyen yo 10 Kòmandman yo se 2 plak lwa, 2 “tables de pierre” ke Bondye li-menm te bay Moyiz sou montay Sinayi. Douglas Laycock, ki pwofesè nan Lekòl de Dwa Inivèsite Tegzas la, deklare avantou 10 Kòmandman yo reprezante sali rele yon senbolism relijye e, pa konsekan, yo pa dwe ekspoze avidèy konsa sou pwopriyete gouvènman ameriken an.
Pwofesè Laycock raple ke dokiman an kòmanse konsa: “Mwen se Seyè a, Bondye ou.” Epi li di, Pinga ou genyen pyès lòt bondye anwetan mwen, pinga ou fè okenn imaj taye, estati, zidòl pou adore yo. Sa pa sonnen tankou lwa. Sa sonnen tankou relijyon. Premye mwatye nan 10 kòmandman yo vrèman pa gen anyen ki sanble ak yo andeyò mond rleijye a. Yo pale senpman e antyèman sou dwa yon moun vizavi Bondye.
Sou lòt bò agiman sa a, nou jwenn sila yo ki dakò pou 10 Kòmandman yo ekspoze san pwoblèm an piblik, menmsi se nan lokal leta. Se konsa administrasyon Bush la panse tou. Moun sa yo gen opinyon diferan sou dosye a paske yo di Dekalòg la senbolize rasin Jideyo-Kretyen ki fòme fondman prensip legal modèn yo. Jay Sekulow ap travay pou American Center for Law and Justice (Sant Ameriken pou Lalwa ak Lajistis), yon kabinè avoka ki abitye defann ka militan kretyen konsèvatè. Msye Sekulow di pifò Ameriken deja aksepte prezans 10 Kòmandman yo andedan oswa toupre building gouvènman an atravè tout peyi a, e menm andedan Lakou Siprèm nan li-menm. Li mande “Poukisa dokiman sa a nan tribinal la? Se paske li se yon senbòl legal inivèsèl. E Lakou Siprèm ta fèt pou li fè-t-atansyon lè l’ap bay opinyon ni (ki parèt ak vèdik tribinal la), yon fason pou li ka non sèlman pèmèt yo ekspoze Dekalòg la andedan tribinal siprèm sa a, men tou nan plizyè dizèn milye tanp Temis ak lokal ki konsakre pou travay lajistis atravè Lèzetazini.
Patizan 10 Kòmandman yo fè konnen tou ekspozisyon 10 Pawòl yo pa deranje moun ki payen paske sèl sa yo gen pou yo fè se pa gade oubyen mache pòs yo. Dapre ekspè legal yo, kesyon kle ki devan manm Lakou Siprèm nan se èske ekspozisyon 10 Kòmandman nan yon biwo leta vle di gouvènman ameriken apiye ofisyèlman yon relijyon. Konstitisyon peyi a entèdi sa a nan kad separasyon Legliz ak Leta. Tribinal la ta dwe bay vèdik li disi finisman mwa jen 2005 la.