Accessibility links

Breaking News

Gwo Manifestan Pro-Siryen Nan Vil Bewout


Yon kokenn rasanbleman fèt jodi a nan vil Bewout, kapital peyi Liban, pou montre apui rejim siryen an genyen nan nasyon sila a. Se gwoup militan Hezbollah a ki te lanse modòd manifestasyon an.

Pandansetan, gouvènman Bush la pa aksepte plan retrè an 2 faz Lasiri prezante yè lendi a e li ensiste pou Damas respekte volonte kominote entènasyonal la e wete tout twoup li yo nan Liban san pèdi tan. Richard Boucher, ki se pòt-pawòl Depatman Deta, di nou pa bezwen demi-mezi. Sa nou vle se yon retrè konplè, tousuit. Nou wè deklarasyon Prezidan siryen an ak prezidan libanè a fè ansanm nan e, yon fwa ankò, nap raple pozisyon L’ONU ak kominote entènasyonal la: Siri dwe kite Liban e li dwe kite l' kounye a. Deklarasyon pòt-pawòl Depatman Deta a, Richard Boucher!

XS
SM
MD
LG