Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chèf Sivil nan Misyon L'ONU an Renouvle Angajman MINUSTAH Nan Lit Kont Ensekirite a


Responsab sivil Misyon Nasyonzini ann Ayiti swete pou gen yon meyè kolaborasyon ant Polis Nasyonal la ak sòlda òganizasyon entènasyonal la. Korespondan nou Renan Toussaint di nou deklarasyon sa a fèt nan moman genyen yon ti dife boule ant 2 fòs yo.

Anmenmtan, Juan Gabriel Valdes, renouvle angajman MINUSTAH pou li ede polis la konbat fenomèn ensekirite a k'ap vale teren depi 30 septanm ane pase. Msye Valdes te pale pandan yon seremoni ki t'ap make Jounen Entènasyonal Fanm yo nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG