Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/8/05


NBA

Miami Heat an fòm tankou bas malgre li jwe 4 match nan yon espay de 5 jou. Heat boule Philadelphia 76ers 108 a 100. Dallas Mavericks ranpòte yon viktwa tou mens devan Toronto Raptors 113 a 105. Denver Nuggets rapöte 7 tièm viktwa afile l apre yo kale Portland Trail Blazers 111 a 98. Los Anjeles Clippers tonbe devan Memphis Grizzlies 105 a 102 san bliye Chikago Bulls geri bosko l sou Milwaukee Bucks 90 a 85.

HAITI -U-17

Seleksyon kadè Ayiti a ap patisipe nan round final eliminatwa koup du mond kadè a pou zòn KONKAKAF la ki gen pou dewoule O Meksik soti 17 pou rive 21 Me nan group B a ansanm ak Kanada, Meksik ak Onduras. 17 Me Honduras ap rankontre ak Kanada epi Haiti kont Meksik. Lòt group la, kap jwe O Meksik gen ladan Kosta Rika, Kuba, Salvador ak Etazuni. Ekip ki fini premye nan chak group yo ap kalifye otomatikman pou koup du mond Juniò ki gen pou dewoule O Perou. Ekip ki klase 2 zièm nan chak group yo pral jwe yon match de baraj a vizit resipròk pou detèmine dènye reprezantan zòn KONKAKAF la nan koup du mond football Kadè a ki gen pou dewoule O Perou soti 15 Septanb pou rive 2 Oktòb.

Champions Cup Se jodia match retou 8 tièm de final koup lig dè chanpyon an ap demare ak yon duèl ant klub football Angle Chelsea fas ak F C Barselòn. Barselòn te ranpòte match ale a 2 a 1. Yon lòt rankont enpòtan jounen jodi a se Milan A-C kont Manchester United nan San Siro--Milan te ranpòte match ale a 1 a 0. Inter de Milan kont F C Porto ap jwe 15 Mas. Lyon ap akeyi klub alman Werder de Brem. Demen Mèkredi Real Madrid kont Juventus de Turen.

Koup Algarve 2005

Se demen Mèkredi a 12 zièm edisyon tounwa football Koup Algarve la ap demare nan Portugal ak patisipasyon 12 seleksyon feminen ak yon absans Itali ki pa kalifye. Patisipan yo se Etazuni, Irland du Nò, Meksik, Portugal, Norvèj, Almay, la Swèd, Danmak, Findland, Frans, Angletè ak la Chin. Demen Mèkredi nan match douvètu a Norvèj kont la Chin--yon dèbi klasik. Final la fikse pou 15 Mas.

XS
SM
MD
LG