Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3//4/05


NBA

Miami Heat mete fen nan 3 viktwa youn dèyè lòt New Jersey Nets sot ranpòte gras ak yon swif 106 a 90 yo ranpòte-yon viktwa ki make retou Shaquille O’Neal apre li te rate 3 match akoz blesu. Nan Denver, Nuggets yo woule Indiana Pacers 96 a 87. Phoenix Suns ranpòte yon viktwa de justès devan Detroit Pistons 100 a 97.

Juj ameriken, ki te responsab dosye kadejak yon menajè tap fè kont basketè ameriken Kobe Bryant, mete dosye a nan tirwa apre manmzèl jwen yon antant finansye an deyò tribunal la ak akuze a.

Football

Federasyon football Alman an konfime yap rejwe rankont ant Hertha Berlen kont Arminia Bielfield akoz akuzasyon ki ta fè konprann abit rankont la Dominik Marks ta fè magouy nan rankont la. Federasyon an, ki te deja sispann Mark, ap men-nen ankèt sou yon lòt akuzasyon kòm kwa abit la ta fè magouy nan yon lòt rankont 2 zièm divizyon ant Karlsruhe ak Duisburg.

XS
SM
MD
LG