Accessibility links

Breaking News

Relijyon ak Piblisite Ozetazini, 2èm pati


Nan yon lòt segman, nou te pale sou United Church of Christ, Legliz de Kris Inifye ki te fè fas ak difikilte bò kote gwo rezo televizyon ameriken yo pou li fè pase yon mesaj nan kad 50èm anivèsè gwoup la ki pral rive nan lane 2007. Dirijan yo te lanse yon kanpay piblisite sou radyo ak televizyon, pou plizyè milyonn dola. Mesaj yo a vize moun ki pa genyen sa yon pòt-pawòl rele “yon legliz yo rele pa yo...moun ki majinalize nan sosyete a, kidonk yo pa santi yo gen plas yo vre nan sa kap fèt, swa akòz gou yo, pratik yo, stil de vi yo, oryantasyon seksyèl yo, elatriye.

Legliz de Kris la kwè se yon mesaj “inclusion” kidonk yon ouvèti pou tout moun san diskriminasyon. Alòs, yap mande poukisa rezo tankou ABC, CBS, NBC te ba yo yon bwa long kenbe? Ebyen CBS ak NBC fè konnen gen twòp kontwovès nan mesaj ki nan spot sa a, pou yo ta mete li soulèzond. ABC li-menm di gen lontan depi li pa janm aksepte fè reklam pou relijyon, donk se prensip li l’ap defann.

Charles Haynes, ki se yon chèchè de karyè nan Sant Premye Amandman Freedom Forum nan nan Arlington, Vijini di anpil konpayi Ozetazini pè relijyon paske nou gen yon tradisyon kote nou abitye batay, fè dispit, pou koze relijyon, sou laplas piblik. Li di se pa près elektwonik sèlman. Sa pa gen lontan, Rolling Stone Magazine te refize pase yon piblisite pou yon nouvo tradiksyon Labib ke prensipal editè Bib la nan peyi isit, konpayi Zondervan, te reyalize. Charles Haynes fè konnen politik revi sa a pa vyole Premye Amandman Konstitisyon amerikèn nan, ki garanti libète lapawòl, paske amandman an konsène akvitite leta. Malgre tou, gen dekwa pou moun twouble, dapre li. Li di, “Lè gwoup prive fè diskriminasyon kont gwoup relijye, sitou nan domèn piblisite ak lòt anons, yo anpeche sektè sa a jwenn plas li nan boukantay lide k’ap fèt nan sosyete a. Onon lalibète, onon Premye Amandman an, Haynes panse yo ta dwe ouvè antèn yo ak kolòn yo bay tout kalte vwa.

Larry Hollon, ki se yon pòt-pawòl United Methodist Church, yon branch nan Legliz Metodis, di gen konpwomi ki ka fèt. Li bay egzanp yon gwo pano piblisitè Reuters pat vle plase nan Times Square, nan vil New York. Li di, “Mwen kwè yo gen rezon di yo pa vle plase piblisite Kretyen nan katye Mizilman, kote fidèl Islam yo ka vekse paske Kretyen yo ap chache konvèti yo. Sa ki bay kè-sote se entèdiksyon karebare yo enpoze sou gwoup legliz yo senpman paske se mesaj relijyon yo vle pwopaje. Lè nou t’ap prepare repòtaj sa a, responsab Legliz de kris Inifye a te sot’ pote ka yo a devan Komisyon Federal Kominikasyon an.

Si ou gen kesyon oubyen konsèy pou Paj Relijyon an, kontakte mwen nan cdorcil@voanews.com, oubyen voye yon mesaj bay Sèvis Kreyòl Vwadlamerik la nan creole-service@voanews.com.

XS
SM
MD
LG