Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/3/05


CHELSEA

Klub footbal Angle Chelsea kapab fè fas ak mezu disiplinè ak yon amand akoz ensidan ki te rive nan stad Nou Camp pandan rankont ekip l a tap jwe an F-C Barselòn. Chelsea te monte teren an an reta pandan 2 zièm mitan an epi antrenè a Jose Mourinho pat patisipe nan konferans de près obligatwa nan fen rankont la. Komisyon disiplinè Europeyen ap tande depozisyon sou dosye a 24 Mas. Responsab Chelsea yo di yap pwoteste ofisyèlman kont antrenè Frank Rijkaard pou tèt li te pale ak abit la nan fen premye mitan--Rijkaard di li tap prezante ekskuz li bay abit akoz li pat salye l avan debu rankont la.

Koup D'or

Kolonbi aksepte envitasyon responsab yo nan KONKAKAF la fè pou l patisipe nan koup dò KONKAKAF kap dewoule isit Ozetazuni an Juyè pwochen ak patisipasyon Afrik du Sud, yon lòt envite. Kolonbyen yo, ki nan group A a ap louvri konpetisyon le 6 Juyè kont Panama nan Miami epi Trinidad and Tobago pral mate balon kont Honduras. Chanpyon sòtan an Meksik nan group C a ansanm ak Gwatemala, Jamayik ak Afrik du Sud ap jwe nan Los Anjeles ak Houston Tekzas. Etazuni ki ranpòte konpetisyon an 2 fwa trouve l nan group B a ansanm ak Kosta Rika, Kanada ak Kuba. Kar de final la ap kòmanse 16 Juyè ak 2 rankont nan Foksboro, Massachussets ak patisipasyon 2 premye yo nan chak group ak 2 meyè 3 zièm yo. Semi final la ap jwe nan Giant Stadium nan New Jersey 21 Juyè epi final la ap dewoule le 24 Juyè. CONCACAF ak Konfederasyon Football Amerik du Sud se 2 federasyon ki envite peyi ki pa nan federasyon an patisipe nan konpetisyon rejyonal yo òganize.

Seleksyoon football balonwon ameriken kòmanse prepare l pou gwo chòk ki pral mete l fas ak archi rival li Meksik nan eliminatwa koup du mond Almay 2 mil 6 pou zòn KONKAKAF la ak konvokasyon 22 jwè kap jwe nan lig football balonwon ameriken an. Jwè ameriken ki baze an Euròp yo pap rive nan seleksyon an pazavan 20 Mas ase tan pou jwè lokal yo konvenk antrenè Bruce Arena pou yon plas nan seleksyon an. Jwè kap jwe nan lig la ki kapab fè pati lis definitif la se Eddy Pope ki jwe 67 match pou seleksyon an ak 28 rankont koup du mond. Eddy Johnson, ki make plizyè gòl nan seleksyon an, kapab fè pati lis la. Seleksyon ameriken an gen pou al nan mön Kolorado 10 Mas apre li finn jwe yon match amikal kont Kolonbi kote li pral kontinye preparasyon an montay avan li tope kò n li ak Meksik nan stad Azteka a--yon kote ameriken yo poko janm ranpòte yon viktwa. 19 Mas Etazuni ap rankontre ak Honduras nan Nouvo Meksik avan li mete tèt pou Meksik

Monaco ak Oksèr e Sochaux kalifye pou kar de final koup de Frans la. An Espay Real Madrid woule Betis Seville 3 a 1 yè Mèkredi a pou mete a 6 pwen dèyè Barselòn lidè chanpyona a. Raul ak Zidane ki pat jwe te fasilite antre angle Michael Owens nan liy datak e ki make premye gòl pou Madrilèn yo. Brezilyen Roberto Carlos ak Edu make lòt gòl yo. Bayern de Munik kalifye pou semi final koup Almay la.

TENNIS

Ameriken Lindsay Davenport kalifye pou semi final chanpyona tenis Open Dubai la apre li kale espayòl Conchita Martinez 6-1, 6-4 pou al rankontre ak Swis Patty Schnyder ki elimine Rus Anastasia Myskina nan yon rankont fanm pa kanpe 6-7, 7-6, 6-2. Serena Williams ap rankontre ak Jelena Jankovic ki se moun Sèvi ak Montenegro.Tennis/ Koup Davis

Koup Davis La Frans ap rankontre ak la Swèd nan premye tou koup Davis la kap jwe nan Strasbourg Vandredi juska Dimanch. Espay ap fè yon deplasman lakay Slovaki, Etazuni kont Kwasi. Ostrali kont Otrich. La Rusi kont Chili. La Swis kont la Oland, Arjantin kont Republik Tchèk epi Woumani kont Bielarus.

Atlhetisme / Dopaj

Maratonyen ameriken Deeja Youngquist resevwa sanksyon minimòm 2 zan apre li te teste pozitif pou uzaj anabolizan avan eliminatwa Jezolenpik Atè n 2 mil 4 yo. Suspansyon an kòmanse depi 4 Desanm 2004.

Delegasyon Fransè ki pral patisipe nan chanpyona Atletis an sal Europeyen an nan vil Madrid espere ranpòte 5 meday dò pou pipiti dapre direktè teknik nasyonal la Robert Poirier. Otorite Atletism Kenyan yo leve suspansyon yo te enpoze kont Susan Chepkemei apre manmzèl pat prezante nan antrenman ekip nasyonal la te òganize avan yal patisipe nan chanpyona du mond Cross Coutry ki gen pou dewoule an Frans 19 e 20 Mas.

NBA

Aswè a nan chanpyona nasyonal basketball ameriken an Indiana Pacers pral lakay Denver Nuggets epi Phoenix Suns ap akeyi Detroit Pistons.

Nan rankont ki jwe yè swa Washington Wizards mete fen nan defèt li sot subi nan NBA gras ak yon viktwa de justès li ranpòte devan Houston Rockets 101 a 98. Larry Hughes make 33 pwen nan 2 zièm viktwa ekip la ranpòte nan 7 dènye rankont yo. Nan Orlando Steve Francis make 29 pwen e fè 9 pas ki make pwen pou ede Orlando Majik ranpòte yon viktwa 114 a 111. Nan Salt Lake Utah Jazz danse sou Atlanta Hawks 96 a 74. Los Anjeles Lakers tonbe devan Boston Celtics 104 a 101. Philadelphia 76ers pèdu devan New Jersey Nets 99 a 93. Golden State Warriors te fè anpil efò avan li kale Minnesota Timberwolves 99 a 93.

Madanm ki te men-nen Kobe Bryant nan tribunal sivil anba akuzasyon basketè a ta fè kadejak sou li sa gen prèske 2 zan---eh byen madanm nan antann ak akuze a pou l resevwa yon sòm lajan epi fèmen dosye a . Yon deklarasyon avoka, kap defann Kobe Bryant publiye, fè konnen antant la satisfè 2 pati yo.

XS
SM
MD
LG