Accessibility links

Breaking News

Depatman dEta Ameriken Di Lapolis, Militè Demobilize Ak Gang Kap Apiye Ansyen Prezidan Aristide Komèt Vyolasyon Dwazimen An'n Ayiti


Nouvo rapò anyèl Depatman d’Eta Ameriken publiye sou situasyon Dwazimen nan rejyon karayib la, note kèk amelyorasyon nan kondisyon dwa moun nan peyi dAyiti, men li di genyen ka vyolasyon dwa moun “kredib” yo te anrejistre pandan ane 2004 la nan peyi a. Rapò a site abu dwazimen ansyen militè, patizan rejim dechouke Lavalas la, gang kap simaye laterè ak Polis Nasyonal la komèt sou popilasyon ayisyèn nan pandan peryòd la. Dokiman Depatman d’Eta a di gouvènman pwovizwa a pa rive redrese feblès systèm justis la ak Polis Nasyonal la ke l' eritye nan men gouvènman anvan yo--yon situasyon ki nui efò lap deplwaye pou amelyore kondisyon dwazimen nan repiblik karayibeyen an pandan ane tranzisyon enpòtan sa a.

Yon lòt kote, anbasad amerikèn nan, nan Pòtoprens, di Lèzetazuni pran angajman pou’l apiye amelyorasyon pratik Dwazimen yo an’n Ayiti e li apiye pwosesus elektoral la ak etablisman enstitisyon demokratik atravè pwogram fòmasyon ak pwogram apui pou Polis Nasyonal la ak systèm judisyè a.

Anbasad la presize ane pase gouvènman ameriken an te dekese 113 milyon dola pou ede nan sans sa a e, dapre sa l' ajoute, ane sa a kontribisyon Lèzetazuni anfavè Ayiti pral pi enpòtan toujou.

XS
SM
MD
LG