Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/25/05


NBA

Sakramento Kings pèdu devan Dallas Maveriks 122 a 113 yon jou apre yo boukante Chris Webber ak Philadelphia 76ers. Webber pat jwe nan defèt 76ers subi devan New York Knicks 113 a 101. Los Anjeles Clippers danse sou Minnesota Timberwolves 92 a 86.

Football

Jamayik retounen lakay li ak 100 mil dola ameriken apre li kale Kuba 1 a 0 pou l fini an premyè pozisyon nan kwadrangulè final Koup Digicel ki detèmine 3 reprezantan nan Koup dò Konkakaf la kap dewoule isit Ozetazuni. Trinidad and Tobago kale Barbad 3 a 2 pou l kalifye pou 3 zièm plas la. Jamayik, Kuba ak Trinidad and Tobago ap reprezante rejyon Karayib la nan konpetisyon an.

Oympics

Delegasyon evaluasyon Komite Olempik Entènasyonal la mete fen nan vizit 4 jou li tap fè nan vil New York kote li tap evalye enstalasyon spòtif yo pou öganizasyon je zolempik dete 2012 yo. Delegasyon an eksprime enkyetud li sou konstruksyon stad 1 milya 400 milyon dola malgre garanti majistra Bloomberg bay. Komite a ap seleksyone vil la le 6 Juyè nan okazyon rankont yal òganize an Sengapour. Delegasyon an ap mete tèt pou Pari ak Moskou avan li renmèt rapò-l bay Komite Olenpik Entènasyonal la.

Yon responsab wo plase Grèk di vil Atèn òganize je zolenpik yo san li pa gen oken plan pou konnen sa l pral fè ak yo apre je yo. Responsab Grèk yo depanse 14 milya 500 milyon dola pou öganize yo je .

Tennis

Arjanten Agustin Calleri, Espayòl Albert Montanes, Arjanten Mariano Puerta kalifye pou pwochen tou tounwa tenis Open Meksiko a. Bò kote meda yo Italyen Antonella Serra Zanetti, franse Amelie Mauresmo kalifye pou kar de final tounwa a.

XS
SM
MD
LG